Sòm 17:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Koute yon koz ki jis, O SENYÈ e okipe kri mwen. Prete zòrèy a lapriyè mwen, ki pa sòti nan lèv k ap twonpe moun. 1998 Haïtienne (1b) Senyè, koute kòz mwen lè m gen rezon! Pran ka m, lè m'ap rele nan pye ou! Koute m non, lè m'ap lapriyè ou, paske mwen p'ap bay manti. |
Koulye a, zye M va louvri e zòrèy Mwen va vin atantif a lapriyè ki ofri nan plas sa a.
ke zòrèy W kapab atantif e zye Ou yo louvri pou tande lapriyè sèvitè Ou a ke mwen ap fè devan Ou koulye a, lajounen kon lannwit, nan non a fis Israël yo, pou konfese peche a fis Israël yo ke nou te fè kont Ou menm. Mwen menm avèk lakay papa m te peche.
Pa kache figi Ou sou mwen nan jou gwo twoub mwen an; Panche zòrèy Ou bò kote m. Nan jou ke m rele Ou a, reponn mwen vit.
Mwen kriye fò avèk vwa mwen vè SENYÈ a. Ak vwa m, mwen fè siplikasyon a SENYÈ a pou m mande L mizerikòd.
“Prete atansyon a kri mwen yo, paske mwen vin desann ba nèt. Delivre mwen nan men pèsekitè mwen yo, paske yo twò fò pou mwen.
Tande lapriyè mwen, O SENYÈ. Prete zòrèy Ou a siplikasyon mwen yo. Nan fidelite Ou, reponn mwen, ak ladwati Ou!
SENYÈ a te byen rekonpanse mwen selon ladwati mwen. Selon men m ki pwòp, Li fè m rekonpans.
Deklare m inosan, O Bondye mwen! Plede ka mwen kont yon nasyon enfidèl. O delivre mwen soti nan men a lezòm mantè e enjis yo!
Li te rachte nanm mwen anpè, soti nan batay ki kont mwen an, malgre yo anpil, k ap lite avè m yo.
Soti nan dènye pwent latè, mwen rele Ou lè kè m fèb; Mennen mwen sou wòch ki pi wo pase m nan.
Se SENYÈ a ki jije pèp yo. Fè m jistis O SENYÈ, selon ladwati mwen ak jan mwen kanpe fèm.
Senyè a te di: “Akoz pèp sa a rapwoche ak pawòl pa yo, e onore Mwen ak lèv yo, men yo retire kè yo byen lwen Mwen, e akoz adorasyon yo pou Mwen fèt pa tradisyon ki aprann pa kè,
Men malgre tout sa, sè trèt li a, Juda, pa t retounen kote Mwen ak tout kè l, men pito ak desepsyon”, deklare SENYÈ a.
Jésus te wè Nathanaël t ap vin kote Li epi te di: “Men gade, yon Izrayelit nan kilès pa gen desepsyon.”