Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Sòm 61 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen


Pou direktè koral la; sou yon enstriman a kòd; Yon Sòm David

1 Koute kri mwen, O Bondye. Prete atansyon a lapriyè mwen.

2 Soti nan dènye pwent latè, mwen rele Ou lè kè m fèb; Mennen mwen sou wòch ki pi wo pase m nan.

3 Paske Ou te yon refij pou mwen, yon fò ki wo, yon gran fòs kont lènmi yo.

4 Kite mwen rete nan tant Ou an jis pou tout tan. Kite mwen pran refij anba zèl Ou. Tan

5 Paske Ou te koute ve mwen yo, O Bondye. Ou te ban mwen eritaj a sila ki gen krent non Ou yo.

6 Ou va fè lavi a wa a byen long. Ane li yo va tankou anpil jenerasyon.

7 Li va abite devan SENYÈ a jis pou tout tan. Senyè, bay li lanmou dous avèk verite pou li kapab andire.

8 Konsa, mwen va chante lwanj Ou jis pou tout tan. Konsa, m kapab peye ve mwen yo jou apre jou.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite