Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Sòm 86 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen


Yon priyè a David

1 Prete m zòrèy Ou, O SENYÈ e reponn mwen. Paske mwen aflije e malere.

2 Konsève nanm mwen, paske mwen se yon nonm fidèl. Ou menm, Bondye mwen an, sove sèvitè Ou ki mete konfyans nan Ou a.

3 Montre m gras Ou, O SENYÈ, paske se a Ou menm mwen kriye tout lajounen.

4 Fè nanm a sèvitè Ou a kontan, paske a Ou menm, SENYÈ, mwen leve nanm mwen.

5 Paske Ou menm, Senyè a, Ou plen bonte e Ou prèt pou padone, ranpli avèk lanmou dous, pou tout sila ki rele sou non Ou yo.

6 Prete zòrèy Ou, O SENYÈ, a lapriyè mwen. Prete atansyon a vwa siplikasyon mwen yo.

7 Nan jou twoub mwen an, mwen va rele Ou, paske Ou va reponn mwen.

8 Nanpwen tankou Ou pami dye yo, O Senyè, ni nanpwen zèv tankou pa Ou yo.

9 Tout nasyon ke Ou te fè yo, va vini pou adore devan Ou, O Senyè, e yo va bay non Ou glwa.

10 Paske Ou gran e fè zèv ki mèvèye. Se Ou sèl ki Bondye.

11 Montre m chemen Ou an, O SENYÈ. Mwen va mache nan verite Ou. Fè kè m dispoze pou krent non Ou.

12 Mwen va ba Ou remèsiman, O SENYÈ, Bondye mwen an, avèk tout kè m. Mwen va bay glwa a non Ou jis pou tout tan.

13 Paske lanmou dous Ou anvè mwen gran, e Ou te delivre nanm mwen soti nan fon sejou lanmò yo.

14 O Bondye, mesye awogan yo te leve kont mwen, yon bann mesye vyolan ap chache lavi mwen. Yo pa mete Ou devan yo.

15 Men Ou menm, O SENYÈ, Ou se yon Bondye ki plen ak gras avèk mizerikòd, lan nan kòlè e plen avèk lanmou dous ak verite.

16 Vire vè mwen e fè m gras. O dispoze fòs Ou a sèvitè Ou a, e fè sekou a fis a sèvant Ou a.

17 Montre m yon sign bonte Ou, pou sila ki rayi mwen yo kapab wè l e vin wont. Paske Ou menm, O SENYÈ, te fè m sekou, e te konsole mwen.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite