Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Sòm 17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen


Yon Priyè a David

1 Koute yon koz ki jis, O SENYÈ e okipe kri mwen. Prete zòrèy a lapriyè mwen, ki pa sòti nan lèv k ap twonpe moun.

2 Kite pawòl mwen parèt akoz prezans Ou; Kite zye Ou gade avèk jistis.

3 Ou te teste kè m. Ou te vizite mwen pandan lannwit. Ou te sonde mwen e Ou pa t jwenn anyen. Mwen te fè desizyon eksprè pou bouch mwen pa fè tò.

4 Alò, pou zèv a lòm yo, selon pawòl a lèv Ou yo, Mwen te evite chemen a vyolan yo.

5 Pye mwen yo te kenbe fèm nan chemen pa W la. Pye mwen pat janm glise.

6 Mwen te rele Ou, paske Ou va reponn mwen, O Bondye. Enkline zòrèy W bò kote m. Tande pawòl mwen yo.

7 Kon mèvèy Ou yo, montre m lanmou dous Ou a, O Sovè a sila ki kache nan men dwat Ou yo, kont sila ki leve kont yo.

8 Kenbe m tankou de zye nan tèt Ou. Kache mwen anba lonbraj a zèl Ou,

9 kont mechan ki depouye m yo, lènmi mòtèl mwen yo ki antoure m.

10 Yo fin fèmen kè rèd yo. Avèk bouch yo, yo pale awogans.

11 Koulye a, yo fin antoure nou pandan n ap mache. Yo fikse zye yo sou nou pou jete nou atè.

12 Se tankou yon lyon ki anvi devore, tankou yon jenn lyon k ap kache nan fènwa.

13 Leve, O SENYÈ, konfwonte li e bese li; Delivre nanm mwen de mechan yo avèk nepe Ou,

14 Depi nan men mesye yo avèk men Ou, O SENYÈ, depi nan men lòm de mond sa yo, k ap resevwa pòsyon pa yo nan vi sa a. Men Ou menm plen vant a sila Ou renmen yo. Fis ou yo gen kont, e yo mete an rezèv pou pitit pa yo.

15 Pou mwen menm, mwen va wè figi Ou nan ladwati a; mwen va satisfè avèk vizaj Ou lè m ouvri zye m.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite