Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 16:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Ou va fè m rekonèt chemen lavi a. Nan prezans Ou, se lajwa ki an abondans nèt. Nan men dwat Ou, se plezi ki dire jis pou tout tan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 W'a fè m konnen chemen ki bay lavi a. Paske ou la avè m, mwen pa manke kontan. Bò kote ou, Senyè, se yon plezi ki p'ap janm fini.

Gade chapit la Kopi




Sòm 16:11
28 Referans Kwoze  

Konsa, wè si gen okenn move chemen nan mwen e mennen mwen nan chemen etènèl la.


Pou mwen menm, mwen va wè figi Ou nan ladwati a; mwen va satisfè avèk vizaj Ou lè m ouvri zye m.


Anpè, mwen va kouche pou dòmi, paske Ou sèl, SENYÈ, fè m viv ansekirite.


Chante a Bondye! Chante lwanj a non Li! Leve wo pou Sila ki monte sou nwaj yo: non l se SENYÈ a! Rejwi devan Li an!


Nan chemen ladwati se lavi; e nan wout li nanpwen lanmò.


Pèsòn ki ale kote li menm, pa retounen ankò, ni yo pa jwenn pa lavi.


Men pa a moun dwat yo se tankou limyè granmmaten ki briye pi fò e pi fò jiskaske li vin fè jou nèt.


Li pa reflechi sou pa lavi a; vwa li yo pa stab; li pa rekonèt bagay sa a.


Konsa, anpil pèp va vini e yo va di: Vini, annou monte nan mòn SENYÈ a, lakay Bondye a Jacob la; pou L kab enstwi nou konsènan chemen Li yo, e pou nou kapab mache nan pa Li yo. Paske lalwa a va sòti fè parèt soti nan Sion, e pawòl Bondye a soti nan Jérusalem.


Konsa, l ap mete mouton yo adwat li, e kabrit yo agoch Li.


Epi sila yo va ale nan pinisyon etènèl, men jis yo nan lavi etènèl.”


Beni se sila yo ki gen kè pwòp nèt; yo va wè Bondye.


Paske pòt etwat la, e chemen piti ki mennen a lavi a. Ni pa gen anpil moun k ap twouve l.


Alò, lè SENYÈ a te fin pale avèk yo, Li te monte resevwa nan syèl la, e te chita sou men dwat Bondye.


Ou fè m konnen chemen lavi yo; Ou va ranpli m ak kè kontan avèk Prezans Ou.’


Li te di: “Gade byen, Mwen wè syèl la vin louvri, e Fis a lòm nan ki kanpe bò men dwat Bondye.”


Men si Lespri de Li menm ki te resisite Jésus nan lanmò a rete nan nou, Li menm ki te fè Jésus Kri leve soti nan lanmò a ap bay lavi a kò mòtèl nou an pa Lespri Li ki rete andedan nou an.


Paske koulye a nou wè twoub, konsi nan yon glas, men answit nou va wè fasafas. Koulye a m konnen yon ti pati, men answit, mwen va konnen tout bagay menm jan ke Bondye konnen tout bagay de mwen an.


Paske ti afliksyon pou yon ti tan an ap pwodwi pou nou yon pwa laglwa etènèl ki depase tout konparezon,


epi pou nou konnen lanmou a Kris la ki depase konesans, pou nou ta kapab vin ranpli nèt ak tout sa ki nan Bondye yo.


ki pa Li menm kwè nan Bondye ki te leve Li nan lanmò e te bay Li glwa, pou lafwa ak esperans nou ta kapab nan Bondye.


Li menm ki, sou men dwat Bondye, te ale nan syèl, kote tout zanj, otorite, ak pouvwa yo te fin soumèt a Li menm.


Alò, chè zanmi yo, nou se ti moun a Bondye, epi li poko fin devwale ki sa n ap ye. Nou konnen ke lè Li parèt nou va tankou Li, paske nou va wè Li menm jan ke Li ye.


Koulye a, a Li menm ki kapab kenbe nou pou nou pa tonbe, epi fè nou kanpe nan prezans laglwa Li san fòt avèk gran jwa,


Epi p ap gen lannwit ankò. Yo p ap gen bezwen ni limyè a yon lanp ni limyè solèy la, paske Senyè a, Bondye va klere yo. Yo va renye pou tout tan e pou tout tan.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite