Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Sòm 54 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen


a David, lè Zifyen yo te vin di Saül: “Èske David pa kache pami nou?”

1 Sove mwen, O Bondye, ak non Ou e fè vanjans mwen ak pouvwa Ou.

2 Koute lapriyè mwen, O Bondye. Prete zòrèy a pawòl a bouch mwen.

3 Paske etranje yo fin leve kont mwen. Moun vyolans yo te chache lavi mwen. Yo pa t mete Bondye devan yo.

4 Gade byen, Bondye se èd mwen. SENYÈ a se soutyen a nanm mwen.

5 Li va rekonpanse mal a lènmi mwen yo. Detwi yo nan fidelite Ou.

6 Avèk bòn volonte, mwen va fè sakrifis a Ou. Mwen va bay remèsiman a non Ou, O SENYÈ, paske li bon.

7 Paske Li te delivre mwen nan tout twoub. Konsa, zye mwen te wè ak kè kontan, defèt lènmi m yo.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite