Sòm 16:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Pwoteje m O Bondye, paske mwen kache nan Ou. 1998 Haïtienne (1b) Pwoteje m, Bondye, paske se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon. |
Sila ki mete konfyans yo nan SENYÈ a tankou Mòn Sion, ki pa kab deplase, men ki dire jis pou tout tan.
A la beni sila ki gen sekou nan Bondye Jacob la beni, sila ki mete espwa li nan SENYÈ a, Bondye li a,
Li mete konfyans nan SENYÈ a. Kite Li menm delivre li. Kite Li sove li, paske Li pran plezi nan li.
Gade nanm mwen e delivre mwen. Pa kite m vin wont, paske mwen pran refij nan Ou menm.
O renmen SENYÈ a, nou tout, moun fidèl yo! SENYÈ a toujou prezève moun fidèl yo, e bay pwòp rekonpans a sila ki plen ògèy yo.
Paske SENYÈ a renmen jistis, e li pa abandone fidèl li yo. Yo prezève pou tout tan, men mechan yo va vin koupe retire nèt.
Fè m gras, O Bondye, paske lòm fin foule m anba pye; Nan goumen tout lajounen, li vin oprime mwen.
O SENYÈ Bondye mwen an, nan Ou mwen kache. Sove mwen de tout sila k ap kouri dèyè m yo e fè m sekou,
sof ke li ta chire nanm mwen tankou yon lyon, epi rale m akote pandan pa gen moun pou delivre m.
Sila ki konnen non Ou yo, va mete konfyans yo nan Ou, paske Ou menm, SENYÈ, pa janm abandone sila ki mete konfyans nan Ou yo.
Nou menm ki renmen SENYÈ a, rayi mal la! Li pwoteje nanm a fidèl Li yo. Li delivre yo nan men a mechan yo.
Vrèman, nou te gen yon kondanasyon lanmò anndan nou, pou nou pa mete konfyans nan tèt nou, men nan Bondye ki fè mò yo leve a,
Pou rezon sa a, mwen osi soufri bagay sa yo, men mwen pa wont; paske mwen konnen nan kilès mwen kwè a, e mwen konvenk ke Li kapab pwoteje sa ke m livre a Li menm nan jiska jou sa a.