Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Sòm 7:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 sof ke li ta chire nanm mwen tankou yon lyon, epi rale m akote pandan pa gen moun pou delivre m.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 (3) Si se pa sa, tankou lyon yo fè, y'ap pote m ale, y'ap devore m san pèsonn p'ap ka pote m sekou.

Gade chapit la Kopi




Sòm 7:2
18 Referans Kwoze  

Alò, konsidere sa, nou menm ki bliye Bondye, oswa, Mwen va chire nou an mòso, e p ap gen pèsòn ki pou sove nou.


Mwen te kalme nanm mwen jis rive nan maten. Tankou yon lyon—se konsa Li kraze tout zo m, soti lajounen jis rive lannwit, ou fè yon fen ak mwen.


Se pou nou gen lespri serye e rete vijilan. Lènmi nou an, dyab la, ap sikile toupatou tankou yon lyon voras k ap chache yon moun pou l devore.


Men Senyè a te kanpe avèk mwen e te ban m fòs pou pwoklamasyon an ta kapab fin akonpli nèt, e pou tout pèp etranje yo kapab tande. Se konsa, mwen te sove soti nan bouch a lyon an.


Kòlè a wa a se tankou yon lyon k ap rele fò; men favè li se tankou lawouze sou zèb vèt.


Men moman ke m te chape tonbe a, yo te rejwi, e te reyini yo ansanm. San ke mwen pa menm konnen, agresè sa yo te rasanble kont mwen. Yo t ap chire m san rete.


Yo ouvri bouch yo byen laj sou mwen, tankou yon lyon voras k ap rele fò.


Se tankou yon lyon ki anvi devore, tankou yon jenn lyon k ap kache nan fènwa.


Li kache yon kote an kachèt tankou lyon nan nan kav li. Li kache pou kenbe aflije yo; li kenbe aflije yo lè l rale mennen yo rive nan pèlen an.


Malgre Ou konnen mwen pa koupab, sepandan, nanpwen ki ka livre m sòti nan men Ou.’”


Sèvant ou an gen de fis. Men yo de te goumen nan chan an e yo pa t gen pèsòn pou separe yo. Konsa, youn te frape lòt e te touye li.


Pa t gen pèsòn pou sove yo akoz li te lwen Sidon e yo pa t gen relasyon avèk okenn lòt pèp. Li te nan vale ki te toupre Beth-Rehob la. Konsa, yo te rebati vil la pou te viv ladann.


De Gad, li te di: “Beni se sila ki fè Gad vin pi gwo; li kouche ba tankou yon manman lyon, pou l dechire bra a oswa tèt la.


Se nan SENYÈ a ke m kache. Kijan ou kapab di a nanm mwen: “Sove ale kon yon zwazo nan mòn ou;


Pwoteje m O Bondye, paske mwen kache nan Ou.


Panche zòrèy W bò kote mwen. Delivre mwen byen vit. Devni pou mwen wòch ki ban m fòs, yon sitadèl ki pou sove m.


Delivre m de sila ki fè inikite yo, e sove mwen de moun ki vèse san yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite