Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Sòm 16:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Mwen te di a SENYÈ, Ou se Senyè mwen. Mwen pa gen anyen ki bon sof ke Ou menm.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Mwen di Senyè a: — Se ou ki sèl Mèt mwen. Se ou menm ki tout mwen. Pa gen pase ou!

Gade chapit la Kopi




Sòm 16:2
15 Referans Kwoze  

Se kilès mwen gen nan syèl la sof ke Ou? Epi anplis ke Ou, mwen pa vle anyen sou latè.


Mwen va di a SENYÈ a: “Se Li ki sitadèl mwen an, ak Bondye mwen an. Se nan Li mwen mete konfyans!”


Li va kriye a Mwen: ‘Ou se papa m, Bondy m Wòch a sali mwen an.


Men pou mwen, mwen mete konfyans nan Ou, O SENYÈ. Mwen di: “Se Ou menm ki Bondye mwen”.


Thomas te reponn: “Senyè mwen, e Bondye mwen!”


Lè Ou te di m: “Chache wè figi Mwen”, kè m te di Ou: “Figi Ou menm, O SENYÈ, se li mwen va chache.”


O SENYÈ, Bondye nou an, lòt mèt apà de ou te gouvène nou; men se non Ou sèl, ke nap konfese.


Oswa “Kilès ki konn bay Li yon bagay pou Li kapab repeye li ankò?”


“Konsa, Mwen va mennen fè pase twazyèm pati a nan dife. Mwen va rafine yo tankou yo rafine ajan, e pase yo a leprèv tankou lò. Yo va rele non Mwen, e Mwen va tande yo. Mwen va di: ‘Yo se pèp Mwen’, e yo va di: ‘SENYÈ a, se Bondye mwen an.’”


O SENYÈ, Senyè nou an, A la non Ou gran sou tout latè! Ou te fè parèt klè mayifisans Ou piwo pase syèl yo!


“Konsa, nou menm tou lè nou fè tout bagay ke yo kòmande nou fè, nou di: ‘Nou se esklav ki pa dign; nou fè sèlman sa ke nou dwe fè.’”


Sila a va di: ‘Mwen pou SENYÈ a;’ epi lòt la va rele sou non Jacob; epi yon lòt va ekri sou men l: ‘Apatyen a SENYÈ a’, epi va nonmen non Israël ak respè.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite