Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 22:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Li mete konfyans nan SENYÈ a. Kite Li menm delivre li. Kite Li sove li, paske Li pran plezi nan li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 (9) Y'ap di m konsa: — Jan ou te konte sou Senyè a, poukisa li pa delivre ou? Si Senyè a renmen ou, poukisa li pa ede ou?

Gade chapit la Kopi




Sòm 22:8
17 Referans Kwoze  

Mwen osi ta kab pale tankou ou, si mwen te nan plas ou. Mwen ta kab konpoze pawòl yo kont ou e souke tèt mwen sou ou.


Mwen menm, anplis, te vin yon repwòch a yo menm. Lè yo wè m, yo souke tèt yo.


Li te mennen mwen fè m parèt nan yon bèl plas byen laj. Li te fè m sekou, akoz Li te pran plezi nan mwen.


Dedye chemen ou a SENYÈ a. Mete konfyans nan Li, e sa L ap fè:


Se tankou tout zo mwen yo kraze, jan advèsè mwen yo anmède mwen, pandan y ap di m tout lajounen: “Kote Bondye Ou a”?


Voye fado ou sou SENYÈ a, e Li va bay ou soutyen. Li p ap janm kite moun ladwati yo ebranle.


Y ap di: “Bondye fin abandone li. Annou kouri dèyè l, e sezi li. Paske nanpwen moun ki pou delivre l.”


Paske li te renmen M konsa, pou sa, Mwen va delivre li. Mwen va mete li byen solid an wo, akoz li te rekonèt non Mwen.


Konsakre tout zèv ou yo a SENYÈ a, e plan ou yo va etabli.


“Gade byen, men Sèvitè Mwen an, ke M ap soutni an; sila ke M chwazi a, ki fè nanm Mwen plezi a. Mwen te mete Lespri M sou Li. Li va mennen fè lajistis vin parèt devan nasyon yo.


“Gade sèvitè Mwen ke Mwen te chwazi a; byeneme Mwen ki fè nanm Mwen byen kontan an. M ap mete lespri Mwen sou Li, e Li va pwoklame jistis a payen yo.


Pandan Li t ap pale, vwala, yon nwaj byen briyan te kouvri yo. E konsa, yon vwa sòti nan nwaj la e te di: “Sa se Fis byeneme Mwen an. Avèk Li, Mwen byen kontan. Koute Li!”


Epi yon vwa ki te soti nan syèl yo te di: “Sa se Fis byeneme Mwen an, e nan Li menm, Mwen pran plezi.”


Pèp la te kanpe akote, e t ap gade. Menm ofisye yo t ap moke L, e t ap di: “Li te sove lòt yo, kite Li sove pwòp tèt Li si se Kris a Bondye a, Sila Ke Li Chwazi a.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite