Sòm 142:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Lè lespri m te fin bat anndan m, Ou te konnen chemen mwen. Nan wout kote m mache a, yo te sere yon pyèj pou mwen. 1998 Haïtienne (4) Lè m santi mwen pa kapab ankò, ou menm, ou konnen sa pou m fè. Sou chemen kote m'ap pase a yo tann yon pèlen pou mwen. |
Ògeye yo fin ranje yon pèlen pou mwen. Avèk kòd, yo te ouvri yon pèlen bò wout la. Yo fin plase yon pyèj pou mwen. Tan
Ou te teste kè m. Ou te vizite mwen pandan lannwit. Ou te sonde mwen e Ou pa t jwenn anyen. Mwen te fè desizyon eksprè pou bouch mwen pa fè tò.
Ou va rale m sòti nan filè ke yo te prepare an sekrè pou mwen an, paske se Ou ki fòs mwen.
Soti nan dènye pwent latè, mwen rele Ou lè kè m fèb; Mennen mwen sou wòch ki pi wo pase m nan.
Moun nan pozisyon ba yo se se sèl yon souf nan van. Moun ki plase wo yo se manti. Nan pèz balans yo, se monte, yap monte. Ansanm menm, yo pi fay ke yon souf.
Pou yon gwo kri ka tande soti lakay yo lè sibitman, Ou mennen rive yon bann piyajè sou yo; paske yo te fouye yon fòs pou pran mwen, e te kache pèlen pou pye m.
Leve, kriye fò nan nwit lan, nan kòmansman vèy nwit lan! Vide kè ou konsi se dlo devan prezans Senyè a. Leve men ou a Li menm pou lavi pitit ou yo ki fèb nèt ak grangou sou tèt a tout ri yo.
Konsa, Farizyen yo te ale pran konsèy ansanm pou twouve kijan yo ta kab kenbe L nan pèlen pawòl ke Li te pale yo.