Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 102:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Kè m fin frape tankou zèb. Li fennen nèt. Anverite, mwen bliye manje pen mwen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 (5) Mwen anba gwo kou. Mwen tankou zèb koupe k'ap cheche. Mwen sitèlman boulvèse, mwen pa menm chonje manje.

Gade chapit la Kopi




Sòm 102:4
21 Referans Kwoze  

Ansyen lakay li yo te kanpe akote li pou leve li atè a, men li pa t dakò e li pa t manje avèk yo.


Epi Esdras te leve soti devan lakay Bondye a, e te antre nan chanm a Jochanan nan, fis a Éliaschib la. Malgre li te ale la, li pa t manje pen, ni bwè dlo, paske li te tèlman dezole akoz enfidelite a moun egzil yo.


“Mwen rayi pwòp lavi m; mwen va fè tout fòs plent mwen yo parèt. Mwen va pale ak anmè ki fonse nan nanm mwen.


Chè m vin nwa sou mwen, li kale, e zo m yo brile ak lafyèv.


jiskaske lavi li vin rayi pen, e nanm li, manje ke li te pi renmen an.


Paske flèch Toupwisan an fin antre anndan m; lespri m ap bwè pwazon. Gwo laperèz Bondye a vin alinye kont mwen.


Jou m yo tankou yon lonbraj ki vin long. Mwen vin fennen tankou zèb.


Paske mwen te manje sann kon pen e mele bwason m ak dlo zye m,


Paske yo va fennen vit tankou zèb chan, e disparèt tankou zèb ki vèt.


O Bondye mwen, nanm mwen pèdi espwa anndan mwen. Pou sa, mwen sonje Ou soti nan peyi Jourdain an avèk tèt mòn Hermon yo, soti kanpe nan Mòn Mitsear.


Repwòch fin kraze kè m. Mwen vin ba nèt. Mwen te chache pitye, men pa t genyen; kondoleyans, men nanpwen.


Lè mwen sonje Bondye, alò, lespri m twouble. Mwen fè soupi; lespri m febli nèt.


Zèb la fennen, flè a pèdi koulè l, depi souf SENYÈ a soufle sou li. Anverite, pèp la se zèb.


Li te fè flèch nan fouwo L yo antre nan ren mwen.


Anverite, nanm mwen sonje yo. Li vin koube anndan mwen.


Li pa t kab wè pandan twa jou, ni li pa t manje, ni bwè.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite