Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 142:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Gade adwat pou wè. Nanpwen moun ki veye pou mwen. Nanpwen moun ki pou fè m chape. Nanpwen moun ki pou pran swen m.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 (5) Voye je ou toupatou, gade byen! Tout moun pran pòz pa konnen m. Pa gen yon moun pou pwoteje m. Pa gen yon moun pou pran ka m.

Gade chapit la Kopi




Sòm 142:4
19 Referans Kwoze  

Men zye a mechan yo va gate, e p ap gen chape pou yo. Pou yo, espwa va pou yo kab rann dènye souf yo.”


Paske SENYÈ a konnen chemen a sila ki dwat yo, men chemen a mechan yo va disparèt.


Mwen te di a SENYÈ a: “Se Ou ki Bondye mwen.” Bay zòrèy, O SENYÈ, a vwa a siplikasyon mwen yo.


Sove m de dan pyèj ke yo te prepare pou mwen yo, avèk pèlen a sila ki fè inikite yo.


Pou sa, lespri m kraze nèt anndan m. Kè m nan gwo twoub anndan m.


Akoz tout advèsè mwen yo, mwen te devni yon objè abominab, sitou a vwazen mwen yo, e yon objè laperèz a sila ki rekonèt mwen yo. Sila ki wè m nan lari yo sove ale devan m.


Repwòch fin kraze kè m. Mwen vin ba nèt. Mwen te chache pitye, men pa t genyen; kondoleyans, men nanpwen.


Ou te retire renmen mwen ak zanmi m nan lwen m nèt, ak zanmi m yo, nan tenèb.


Ou te retire tout moun mwen konnen byen lwen m. Ou te fè m yon objè abominab devan yo. Mwen fèmen anndan nèt e mwen pa kab sòti.


Pou yon gwo kri ka tande soti lakay yo lè sibitman, Ou mennen rive yon bann piyajè sou yo; paske yo te fouye yon fòs pou pran mwen, e te kache pèlen pou pye m.


Sove ale pa p posib pou bèje yo. Mèt bann mouton yo p ap chape.


Paske M ap fè ou reprann lasante, e Mwen va geri ou de tout blesi ou yo,” deklare SENYÈ a: “Akoz yo te rele ou yon rejte e yo te di: ‘Se Sion; nanpwen moun ki bezwen anyen ladan.’”


Sila ki konsidere zidòl san valè yo abandone tout sous mizerikòd,


Men tout sa vin rive pou Ekriti Sen yo selon pwofèt yo ta kapab vin akonpli.” Lapoula, tout disip Li yo te kouri kite Li.


Nan premye defans mwen an, pèsòn pa t ban m soutyen yo, men yo tout te kite m. Ke sa pa kontwole kont yo.


Konsa, David te di nan tèt li: “Alò, yon jou mwen va peri nan men Saül. Nanpwen anyen k ap pi bon pou mwen pase pou m chape ale nan peyi Filisten yo. Konsa, Saül va dekouraje nan chache mwen toujou sou tout teritwa Israël la, e mwen va chape nan men li.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite