Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Sòm 142:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Mwen te kriye a Ou menm, O SENYÈ. Mwen te di “Se Ou menm ki sekou mwen, pòsyon mwen nan peyi moun vivan yo.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 (6) Mwen kriye nan pye ou, Senyè! Mwen di: Se ou menm ki tout pwoteksyon mwen. Se ou menm ki tout mwen nan lavi sa a.

Gade chapit la Kopi




Sòm 142:5
16 Referans Kwoze  

SENYÈ a se pòsyon eritaj mwen ak tas mwen; Se Ou menm ki bay soutyen a pati pa m nan.


“SENYÈ a se pòsyon mwen.” Se sa nanm mwen di m. Konsa, mwen mete espwa m nan Li.


Se SENYÈ a ki pòsyon mwen. Mwen te fè pwomès pou kenbe pawòl Ou yo.


Men Senyè a te kanpe avèk mwen e te ban m fòs pou pwoklamasyon an ta kapab fin akonpli nèt, e pou tout pèp etranje yo kapab tande. Se konsa, mwen te sove soti nan bouch a lyon an.


Mwen va di a SENYÈ a: “Se Li ki sitadèl mwen an, ak Bondye mwen an. Se nan Li mwen mete konfyans!”


Bondye se pwotèj nou ak fòs nou, yon sekou ki toujou la nan tan twoub la.


Mwen toujou gen konfyans sa a: ke m va wè bonte SENYÈ a nan peyi a vivan yo.


Veye byen, lè a ap vini, e gen tan vini deja, pou nou vin gaye, chak a pwòp kay li, e pou kite M sèl. Men M p ap sèl, paske Papa a toujou avè M.


Chè mwen avèk kè mwen kab fè fayit, men Bondye se fòs kè mwen ak pòsyon mwen jis pou tout tan.


Paske Ou te delivre nanm mwen soti nan lanmò. Ou te anpeche pye mwen glise tonbe, pou m ta kab mache devan Bondye nan limyè a moun vivan yo.


SENYÈ dèzame yo avèk nou. Bondye Jacob la se sitadèl nou. Tan


SENYÈ dèzame yo avèk nou. Bondye Jacob la se sitadèl nou.


Yo remèt mwen mal pou byen, jiskaske gwo tristès antre nan nanm mwen.


Konsa, mwen te gade ankò sou tout zèv k ap oprime moun anba solèy la. Epi gade byen, mwen te wè dlo nan zye a oprime yo, e yo pa t jwenn pèsòn pou bay yo soulajman. Sou kote a sila ki t ap oprime yo, te gen gwo pouvwa; men, yo pa t jwenn pèsòn pou bay yo soulajman.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite