Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 142:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Mwen vide plent mwen yo devan L. Mwen deklare pwoblèm mwen yo devan L.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 (3) M'ap louvri kè m bay Bondye, m'ap rakonte l mizè mwen.

Gade chapit la Kopi




Sòm 142:2
10 Referans Kwoze  

A Ou menm, O SENYÈ, mwen rele! Wòch mwen an, pa vin soud devan m, paske si Ou rete silan devan mwen, mwen va devni kon sila ki desann nan twou fòs la nèt.


Bagay sa yo mwen sonje e mwen vide nanm mwen nèt anndan m. Paske mwen te konn ale ansanm ak foul la, pou pran devan nan pwosesyon pou rive lakay Bondye, avèk yon vwa lajwa, ak remèsiman, yon gran foul k ap fè fèt sakre a.


Mete konfyans nan Li tout tan, O pèp la. Vide kè nou devan Li. Bondye se yon refij pou nou.


O SENYÈ, nan mitan gwo twoub yo, yo te chache Ou. Yo pa t ka fè plis pase respire yon priyè le chatiman Ou te sou yo.


Menm jan an, Lespri a ede nou tou nan feblès nou; paske nou pa konnen kòman pou nou priye jan nou ta dwe priye a. Men Lespri a Li menm entèsede pou nou avèk soupi ki pa kapab eksprime.


Nan jou lachè Li yo, Li te ofri priyè, siplikasyon avèk gwo kriye ak dlo nan zye a Sila sèl ki ta kapab sove Li soti nan lanmò a, e Li, Bondye, te tande akoz de sentete Li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite