Achab te rele Abdias ki te chèf sou lakay li. (Alò, Abdias te gen lakrent SENYÈ a anpil;
Sòm 112:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Louwe SENYÈ a! A la beni nonm ki krent SENYÈ a beni! Sila ki pran gwo plezi nan kòmandman Li yo. 1998 Haïtienne Lwanj pou Senyè a! Ala bon sa bon pou moun ki gen krentif pou Senyè a, ki pran tout plezi l nan fè sa li mande! |
Achab te rele Abdias ki te chèf sou lakay li. (Alò, Abdias te gen lakrent SENYÈ a anpil;
Louwe SENYÈ a! Mwen va bay lwanj a SENYÈ a ak tout kè m, Ansanm ak moun ladwati yo ak nan asanble a.
Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès. Tout sila ki fè kòmandman Li yo gen bon konprann. Lwanj Li dire jis pou tout tan!
Li va ranpli dezi a sila ki gen lakrent Li yo. Anplis Li va tande kri yo e Li va sove yo.
Louwe SENYÈ a! Paske li bon pou chante lwanj a Bondye nou an. Paske se agreyab epi lwanj Li se dous.
Louwe SENYÈ a! Louwe SENYÈ a nan sanktiyè Li a! Louwe Li nan gran espas syèl la pou tout zak pouvwa Li yo!
Malgre yon pechè fè mal san fwa e mennen yon vi ki long, mwen toujou konnen ke sa prale byen pou sila ki gen lakrent Bondye yo, ki gen lakrent devan L yo.
Se kilès pami nou ki krent SENYÈ a, ki obeyi vwa a sèvitè Li a, ki mache nan fènwa a e ki pa gen limyè a? Kite li mete konfyans nan non SENYÈ a e depann de Bondye li a.
Paske panse ki konsantre sou lachè a se lanmò, men panse ki konsantre sou Lespri a se lavi ak lapè.