Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 40:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Mwen pran plezi nan fè volonte pa Ou, O SENYÈ. Lalwa Ou nan kè m.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 (9) Bondye mwen, mwen pran plezi m nan fè sa ou vle m fè. Wi, mwen kenbe lalwa ou nan fon kè m.

Gade chapit la Kopi




Sòm 40:8
14 Referans Kwoze  

Mwen pa t kite kòmand a lèv Li yo. Mwen te kenbe pawòl a bouch Li kon pi presye pase manje ki fè m gen fòs la.


Louwe SENYÈ a! A la beni nonm ki krent SENYÈ a beni! Sila ki pran gwo plezi nan kòmandman Li yo.


Mwen va rejwi nan lòd Ou yo. Mwen p ap bliye pawòl Ou. GIMEL


Anplis, temwayaj Ou yo se plezi mwen ak konseye mwen yo. DALETH


Mwen va pran plezi nan kòmandman Ou yo, ke mwen tèlman renmen.


Si lalwa Ou pa t plezi mwen, mwen t ap gen tan peri nan mizè mwen an.


Fis mwen an, pa bliye enstriksyon mwen an, men kite kè ou kenbe kòmandman Mwen yo;


Pawòl Ou yo te vin twouve; mwen te manje yo. Pawòl Ou yo te vin pou mwen yon gwo jwa ki fè kè m rejwi; paske mwen te rele pa non Ou, O SENYÈ Bondye Dèzame yo.


“Men sa se akò ke M va fè ak lakay Israël apre jou sa yo”, deklare SENYÈ a: “Mwen va mete lalwa M anndan yo e sou kè yo Mwen va ekri l; epi Mwen va Bondye yo, e yo va pèp Mwen.


Jésus te di yo: “Manje M se pou fè volonte a Papa M ki voye Mwen an, e pou acheve travay Li a.


Paske, plen ak lajwa, mwen vin dakò avèk Lalwa Bondye ki aji andedan an,


Paske sila ke Li te konnen oparavan yo, Li te chwazi yo depi avan pou vin konfòm a limaj a Fis Li a, pou Li ta kapab premye ne pami anpil frè.


Li parèt klè ke nou se yon lèt ki sòti nan Kris la, ki pran swen pa nou menm, ki pa t ekri avèk lank, men avèk Lespri Bondye vivan an, pa sou tablèt wòch, men sou tablèt kè lòm.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite