Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Sòm 40 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen


Pou direktè koral la; Yon Sòm David

1 Mwen te tann avèk pasyans SENYÈ a. Li te enkline vè mwen e te tande kri mwen.

2 Li te mennen mwen sòti nan fòs k ap detwi a, sòti deyò gwo ma ajil la. Li te mete pye m sou wòch la e te fè m kanpe byen fèm.

3 Li te mete yon chanson nèf nan bouch mwen, yon chan lwanj Bondye nou an. Anpil moun va wè, vin gen lakrent e va mete konfyans nan Bondye.

4 A la beni se nonm ki mete konfyans li nan SENYÈ a, e ki pa t vire vè moun ògèy yo, ni a sila ki vin vire nan sa ki fo yo.

5 Anpil, O SENYÈ Bondye mwen an, se mèvèy ke Ou te fè yo, ak panse Ou yo anvè nou. Nanpwen ki kab konpare avèk Ou. Si m ta deklare yo e pale sou yo tout, yo ta vin twòp pou m ta kab konte.

6 Sakrifis avèk ofrann sereyal, Ou pa t dezire yo. Ou te ouvri zòrèy mwen. Ofrann brile avèk ofrann peche yo, Ou pa t mande yo.

7 Konsa mwen te di: “Gade byen, mwen vini. Nan woulo liv la, li ekri de mwen menm.

8 Mwen pran plezi nan fè volonte pa Ou, O SENYÈ. Lalwa Ou nan kè m.”

9 Mwen te pwoklame bòn nouvèl ladwati yo nan gran asanble a; Gade byen, mwen p ap anpeche lèv mwen; O SENYÈ, Ou konnen.

10 Mwen pa t kache ladwati Ou anndan kè m. Mwen te pale selon fidelite Ou, avèk sali Ou. Mwen pa t kache lanmou dous Ou avèk verite Ou devan gran asanble a.

11 Ou menm O SENYÈ, p ap refize mwen. Lanmou dous Ou avèk verite Ou va prezève mwen tout tan.

12 Paske malè ki depase kontwòl yo te antoure mwen. Inikite mwen yo te fin pran m nèt jiskaske mwen pa t kab wè. Yo plis pase cheve sou tèt mwen. Kè m fin fè fayit.

13 Fè l plezi Ou, O SENYÈ, pou delivre mwen. Fè vit, O SENYÈ, pou ede mwen.

14 Kite sila yo vin wont e imilye ansanm, sila ki chache lavi mwen pou detwi li. Kite sila yo vire fè bak e dezonore, sila ki pran plezi nan fè m mal yo.

15 Kite sila yo etone nèt akoz wont yo, sila ki di mwen: “Wayan, wayan!”

16 Kite tout sila ki wè Ou yo rejwi e fè kè kontan nan Ou. Kite tout sila ki renmen sali Ou yo pale tout tan: “Ke SENYÈ a kapab leve wo!”

17 Akoz mwen aflije e nan gwo bezwen, kite SENYÈ a toujou sonje mwen. Se Ou menm ki soutyen mwen ak delivrans mwen. Pa fè reta, O Bondye mwen an.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite