Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 40:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Mwen te pwoklame bòn nouvèl ladwati yo nan gran asanble a; Gade byen, mwen p ap anpeche lèv mwen; O SENYÈ, Ou konnen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 (10) Senyè, lè tout pèp Bondye a te reyini, mwen te fè yo konnen jan ou fè nou gras. Wi, ou konn sa, mwen p'ap rete ak bouch mwen fèmen.

Gade chapit la Kopi




Sòm 40:9
14 Referans Kwoze  

Avèk lèv mwen, mwen te pale selon tout òdonans bouch Ou yo.


Ou konnen lè m chita ak lè m leve. Ou konprann panse mwen yo de lwen.


Mwen va pale non Ou a frè m yo. Nan mitan asanble a, mwen va louwe Ou.


Se depi a Ou menm ke lwanj mwen sòti nan gran asanble a; Mwen va akonpli ve mwen yo devan sila ki krent Li yo.


Mwen va bay Ou remèsiman nan gran asanble a. Mwen va bay Ou glwa pami yon gran foul.


Lalwa Bondye nan kè li. Pa li yo pa janm glise.


“Men sa se akò ke M va fè ak lakay Israël apre jou sa yo”, deklare SENYÈ a: “Mwen va mete lalwa M anndan yo e sou kè yo Mwen va ekri l; epi Mwen va Bondye yo, e yo va pèp Mwen.


Li te di li yon twazyèm fwa: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M?” Pierre te vin tris akoz ke Li di li yon twazyèm fwa: “Èske ou renmen M?” E li te di Li: “Senyè, Ou konnen tout bagay. Ou konnen ke Mwen renmen Ou.” Jésus te di Li: “Okipe mouton Mwen yo.


Li di: “Mwen va pwokame non Ou a frè m yo. Nan mitan asanble a, Mwen va chante lwanj Ou.


Sila ki Toupwisan an, Bondye SENYÈ a, Sila ki Toupwisan an, Bondye SENYÈ a, Li menm ki konnen! E Li menm va kite Israël konnen tou a. Si se te nan rebelyon, oswa si se nan movèz fwa, yon zak ki fèt kont SENYÈ a, pa sove lavi nou jodi a!


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite