Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 147:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Louwe SENYÈ a! Paske li bon pou chante lwanj a Bondye nou an. Paske se agreyab epi lwanj Li se dous.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Lwanj pou Senyè a! Sa bon nèt pou nou chante pou Senyè a. Sa bon nèt pou nou fè lwanj Senyè a. Wi, li merite l vre!

Gade chapit la Kopi




Sòm 147:1
10 Referans Kwoze  

Men anpil nan prèt yo avèk Levit yo avèk chèf lakay zansèt yo, ansyen granmoun ki te konn wè premye tanp lan, te kriye avèk yon gran vwa lè fondasyon a kay sila a te poze devan zye yo. Anpil nan yo te rele fò avèk jwa,


Beni SENYÈ a, paske SENYÈ a bon. Chante lwanj a non Li, paske sa bèl.


Rejwi ak lajwa nan SENYÈ a, O moun ladwati yo! Lwanj bèl lè l sòti nan moun ki dwat.


Bagay sa yo mwen sonje e mwen vide nanm mwen nèt anndan m. Paske mwen te konn ale ansanm ak foul la, pou pran devan nan pwosesyon pou rive lakay Bondye, avèk yon vwa lajwa, ak remèsiman, yon gran foul k ap fè fèt sakre a.


Li bon pou bay lwanj a SENYÈ a, pou chante lwanj a non Ou, O Pi Wo a,


pou deklare lanmou dous Ou nan maten avèk fidelite Ou nan lannwit,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite