Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 147:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 SENYÈ a ap ranfòse Jérusalem. Li ranmase egzile Israël yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Senyè a ap rebati lavil Jerizalèm. L'ap fè moun Izrayèl ki te gaye nan mitan lòt nasyon yo tounen lakay yo.

Gade chapit la Kopi




Sòm 147:2
28 Referans Kwoze  

Konsa, miray la te fini nan venn-senkyèm jou mwa Elul la, sou senkant-de jou.


Lè tout lènmi nou yo te tande e tout nasyon ki antoure nou yo, te wè, yo te pèdi kouraj, paske yo te rekonèt ke travay sa a te fèt avèk èd Bondye pa nou an.


Alò, vil la te byen gran avèk anpil espas, men moun ladann yo pa t anpil e kay yo potko bati.


Li te prete atansyon a lapriyè malere yo, e pa t meprize priyè yo.


Avèk bonte Ou, fè byen pou Sion. Bati miray a Jérusalem yo.


Alò, kòman yon moun ka reponn mesaje a nasyon yo? Ke se SENYÈ a ki te etabli Sion, e aflije a pèp Li yo va chache sekou nan li.


Anplis, li va vin rive ke nan jou ke gran twonpèt la ap sone a, sila ki t ap peri nan peyi Assyrie yo, e ki te gaye an Égypte yo, va vin adore SENYÈ a nan mòn sen Jérusalem nan.


Senyè BONDYE a, ki rasanble dispèse a Israël yo, deklare: “Mwen va rasanble lòt yo anvè yo, lòt anplis de sila ki deja rasanble yo.”


ni pa bay Li repo jiskaske Li etabli e fè Jérusalem yon lwanj sou tout tè a.


“Tande pawòl SENYÈ a, O nasyon yo! E deklare nan peyi kot byen lwen yo, epi di: ‘Sila ki te gaye Israël la, va ranmase li, e kenbe li kon yon bèje k ap gade bann mouton li.’


Yon lòt fwa ankò, Mwen va bati ou, e ou va vin rebati, O vyèj Israël la! Yon lòt fwa, ou va reprann tanbouren ou yo. Ou va vin parèt nan dans a sila k ap fete yo.


“Gade byen, Mwen va ranmase yo soti nan tout peyi kote Mwen te pouse bourade yo, ale nan kòlè ak raj Mwen an, ak gran endiyasyon Mwen an; epi Mwen va mennen yo retounen nan plas sa a. Epi la, Mwen va fè yo rete anpè.


Apre anpil jou, ou va vizite. Nan dènye ane yo, ou va vin antre nan teren ki vin restore soti anba nepe a. Moun ki rasanble va soti anpil nasyon pou rive sou mòn Israël yo. Yon kote ki te devni san vale, va soti nan men nasyon yo, e la, y ap viv ansekirite, yo tout.


“Konsa, ou ta dwe konnen e disène ke depi yon dekrè vin pibliye pou restore e rebati Jérusalem jis rive nan Onksyone a, Prens lan, va gen sèt semèn ak swasann-de semèn. Li va rebati ankò, ak plas la, e ak kanal ranpa a, menm nan yon tan ki twouble.


“Nan jou sa a”, deklare SENYÈ a, “Mwen va rasanble moun bwate yo, e Mwen va reyini moun rejte yo, ak sa ke M te aflije yo.


Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Gade byen, Mwen va sove pèp Mwen soti nan peyi lès la, e soti nan peyi lwès la.


Epi Mwen di Ou ke ou menm, ou se Pierre e se sou wòch sa a M ap bati legliz Mwen an, e pòtay peyi mò yo p ap kapab venk li.


Konsa SENYÈ a, Bondye nou an, va restore nou apre kaptivite sila a e Li va vin gen konpasyon sou nou. Li va ranmase nou ankò sòti nan tout pèp kote SENYÈ a, Bondye nou an, te gaye nou yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite