Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Sòm 128 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen


Yon chan pou monte vè tanp lan.

1 A la beni se tout sila ki gen lakrent SENYÈ yo, ki mache nan chemen Li yo.

2 Lè ou manje nan fwi a men ou yo, ou va kontan e sa va ale byen pou ou.

3 Madanm ou ap tankou yon chan rezen ki bay anpil rezen lakay ou. Pitit ou yo va tankou plan bwa doliv ki antoure tab ou.

4 Gade byen, paske se konsa nonm ki krent SENYÈ a va beni.

5 Ke SENYÈ a beni ou depi nan Sion; ke ou wè pwosperite Jérusalem nan pandan tout jou lavi ou yo!

6 Wi, pou ou ka wè pitit a pitit ou yo! Ke lapè rete sou Israël!

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite