Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Sòm 111 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Louwe SENYÈ a! Mwen va bay lwanj a SENYÈ a ak tout kè m, Ansanm ak moun ladwati yo ak nan asanble a.

2 Gran se zèv a SENYÈ yo! Yo etidye pa tout moun ki pran plezi nan yo.

3 Ranpli ak bèlte avèk majeste se zèv Li yo. Ladwati Li dire jis pou tout tan.

4 Li te fè mèvèy Li yo pou nou sonje nèt. SENYÈ a ranpli ak gras avèk mizerikòd.

5 Li te bay manje a sila ki gen lakrent Li yo. Li va sonje akò Li a jis pou tout tan.

6 Li te fè pèp Li wè pouvwa a a zèv Li yo, lè L te bay yo nasyon yo kòn eritaj.

7 Zèv men Li yo se verite avèk jistis. Tout prensip Li yo vrè.

8 Yo va andire jis pou tout tan. Yo fèt nan verite avèk ladwati.

9 Li te voye delivrans a pèp Li a. Li te òdone akò Li a jis pou tout tan. Sen e mèvèye, se non Li.

10 Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès. Tout sila ki fè kòmandman Li yo gen bon konprann. Lwanj Li dire jis pou tout tan!

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite