Epi SENYÈ a te bay atansyon a Sarah jan Li te pale a, e SENYÈ a te fè sa pou Sarah jan li te pwomèt la.
Rit 1:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa li te leve avèk bèlfi li pou l ta kab retounen kite Moab. Paske, depi lè li Moab, li tande ke SENYÈ a te vizite pèp li a nan bay yo manje. 1998 Haïtienne Antan Nawomi te peyi Mowab toujou, li vin pran nouvèl jan Senyè a te voye benediksyon sou pèp li a, jan li te fè yo fè bon rekòt. Menm lè a, li pare zafè l pou l kite peyi Mowab ansanm ak de bèlfi li yo. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Pandan l nan peyi Mowab, Nawomi vin aprann SENYÈ a te vizite peyi Jida epi li te ba yo yon bon rekòt. Li pran desizyon ak bèlfi l yo pou l kite peyi Mowab. |
Epi SENYÈ a te bay atansyon a Sarah jan Li te pale a, e SENYÈ a te fè sa pou Sarah jan li te pwomèt la.
Epi Jacob te fè yon sèman. Li te di: “Si Bondye ale avèk mwen, si Li va kenbe mwen nan vwayaj sila ke m ap fè a, e Li va ban mwen manje pou m manje, ak rad pou m mete,
Li te beni Joseph, e te di: “Bondye devan sila zansèt mwen yo, Abraham avèk Isaac te mache a, Bondye ki te bèje m nan pandan tout vi m jis rive jounen jodi a,
Konsa, Joseph te fè fis Israël yo sèmante. Li te di: “Anverite, Bondye va pwoteje nou, e nou va pote zo mwen monte kite isit la.”
Ki egzekite jistis pou oprime yo. Ki bay manje a moun grangou yo. SENYÈ a mete prizonye yo an libète.
‘Ale rasanble tout ansyen an Israël yo ansanm e di yo: SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo a, Bondye Abraham nan, Isaac, ak Jacob la, te parèt kote mwen e te di: “Mwen anverite te vizite nou menm, e Mwen te wè sa k ap fèt a nou menm an Égypte la.
Alò pèp la te vin kwè, lè yo te tande ke SENYÈ a te gen kè pou fis Israël yo, e ke Li te vin wè afliksyon yo. Yo te bese ba, pou te adore Li.
Fè desepsyon ak manti rete lwen mwen. Pa ban m richès ni povrete. Nouri mwen ak manje ki se pòsyon pa m nan,
Paske menm jan ke lapli ak lanèj desann sòti nan syèl la, e pa retounen la, san ke yo pa awoze tè a, pou fè l donnen e boujonnen, pou fè l bay semans pou kiltivatè, ak pen pou sila k ap manje a;
Paske konsa pale SENYÈ a: “Lè swasann-dizan yo fin ekoule pou Babylone, Mwen va vizite nou, e ranpli nou ak bon pawòl Mwen a nou menm, pou mennen nou retounen nan plas sa a.
SENYÈ a te reponn pou di a pèp Li a: “Gade byen, Mwen va voye bannou sereyal, diven nèf ak lwil. Nou va vin satisfè nèt ak yo. Mwen p ap fè nou ankò vin yon repwòch pami nasyon yo.
Epi kot lanmè a va apatyen a retay lakay Juda a. Yo va fè patiraj yo sou li. Nan kay Askalon yo, yo va kouche nan aswè; paske SENYÈ Bondye yo a va pran swen yo e restore davni yo.
Beni se Senyè a, Bondye Israël la, paske li vizite nou, Li te acheve redanmsyon pou pèp Li a.
Konsa, yo va raze ou a nivo latè avèk zanfan ou tout ladann. Ni yo p ap kite nan ou menm yon wòch sou yon lòt, akoz ke ou pa t rekonèt lè ou te vizite a.”
Kenbe kondwit nou pwòp pami pèp etranje yo, pouke nan bagay ke yo pale mal sou nou kòm malfektè yo, yo kapab akoz bon zèv nou, bay Bondye glwa, lè yo wè yo nan jou gran vizitasyon selès la.
Alò Machlon avèk Kiljon te vin mouri osi. Konsa, fanm nan vin pèdi de pitit li yo, ansanm ak mari li.
Konsa, li te pati kote li te ye, de bèlfi li yo te avèk li. Epi yo te fè wout la pou retounen nan peyi Juda.
SENYÈ a te vizite Anne. Li te vin ansent e te bay nesans a twa fis ak de fi. Epi gason Samuel la te grandi devan SENYÈ a.