Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jowèl 2:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 SENYÈ a te reponn pou di a pèp Li a: “Gade byen, Mwen va voye bannou sereyal, diven nèf ak lwil. Nou va vin satisfè nèt ak yo. Mwen p ap fè nou ankò vin yon repwòch pami nasyon yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

19 Li reponn, li di pèp la konsa: — Bon! Mwen pral ban nou ble, diven ak lwil fre. N'ap gen tou sa n'a bezwen. Mwen p'ap janm kite moun lòt nasyon yo pase nou nan betiz ankò.

Gade chapit la Kopi




Jowèl 2:19
21 Referans Kwoze  

Mwen va etabli pou yo yon plantasyon ki plen rekonesans. Yo p ap viktim a gwo grangou ankò, ni yo p ap sipòte ensilt a nasyon yo ankò.


“Mwen p ap kite nou koute ensilt a nasyon yo ankò, ni nou p ap pote mepriz a nasyon yo ankò, ni ou p ap fè nasyon pa w vin chite ankò”, deklare Senyè BONDYE a.’”


Chèche premyèman wayòm Li avèk ladwati Li, epi tout bagay sa yo ap vini anplis.


Glasi vannen yo va plen ak sereyal, e chodyè yo va debòde ak diven nèf ak lwil.


Yo va vin kriye fò ak lajwa sou wotè a Sion yo, e yo va gen kè kontan nèt sou bonte SENYÈ a, sou sereyal ak diven tounèf, ak lwil e sou jenn a bann mouton an ak twoupo a. Nanm yo va tankou yon jaden wouze. Yo p ap janm soufri tristès ankò.


Chan an vin gate nèt. Peyi a ap fè dèy. Paske tout sereyal la fin gate nèt. Diven nèf la fin seche, lwil fre a vin sispann.


Epi soti la, Mwen va bay li chan rezen yo, ak Vale Akò a kon yon pòt espwa. Li va reponn la tankou nan jou jenès li yo, tankou nan jou lè l te vin monte soti nan peyi Égypte la.


Mwen p ap kache figi Mwen de yo ankò, paske M ap gen tan fin vide Lespri m sou lakay Israël,’ deklare Senyè BONDYE a.”


Anverite, bat grenn chan nou va dire jis tan pou ranmase rezen yo, e ranmase rezen yo va dire jis rive nan tan semans lan. Nou va konsa manje manje nou vant plen nèt, e viv ansekirite nan peyi nou.


“Li va vin rive nan jou sa a ke Mwen va reponn”, deklare SENYÈ a. “Mwen va reponn a syèl yo, e yo va reponn a tè a.


Epi Latè va reponn a sereyal la, diven nèf ak lwil la; epi yo va reponn a Jizreel.


ke Mwen va bay lapli pou peyi nou nan sezon li, lapli premye sezon ak lapli dènye sezon, pou nou kapab fè antre sereyal avèk diven nèf, avèk lwil.


Konsa li te leve avèk bèlfi li pou l ta kab retounen kite Moab. Paske, depi lè li Moab, li tande ke SENYÈ a te vizite pèp li a nan bay yo manje.


Anplis, Mwen va sove nou de tout sa ki pa pwòp nan nou. Epi Mwen va rele pou sereyal miltipliye li e mwen p ap mennen gwo grangou rive sou nou.


Mwen va miltipliye fwi sou pyebwa ak pwodwi chan an, pou nou pa resevwa mepriz a gwo grangou pami nasyon yo ankò.”


“Paske va gen semans lapè; pye rezen an va bay fwi li, peyi a va fè pwodiksyon pa l, e syèl yo va bay lawouze yo. Konsa, Mwen va fè retay a pèp sa a vin eritye tout bagay sa yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite