Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Rit 1:6 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Pandan l nan peyi Mowab, Nawomi vin aprann SENYÈ a te vizite peyi Jida epi li te ba yo yon bon rekòt. Li pran desizyon ak bèlfi l yo pou l kite peyi Mowab.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Antan Nawomi te peyi Mowab toujou, li vin pran nouvèl jan Senyè a te voye benediksyon sou pèp li a, jan li te fè yo fè bon rekòt. Menm lè a, li pare zafè l pou l kite peyi Mowab ansanm ak de bèlfi li yo.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Konsa li te leve avèk bèlfi li pou l ta kab retounen kite Moab. Paske, depi lè li Moab, li tande ke SENYÈ a te vizite pèp li a nan bay yo manje.

Gade chapit la Kopi




Rit 1:6
27 Referans Kwoze  

Ban nou jodi a jou manje nou bezwen pou chak jou.


“Lwanj pou Senyè a, Bondye Izrayèl la. Li vin pote konkou bay pèp li a, li vin libere yo.


Y ap detwi w nèt ansanm ak tout popilasyon k ap viv nan mitan w nan. Yo p ap kite yon wòch kanpe sou yon lòt, paske ou pa t bay jou Bondye te vin pou l delivre w la enpòtans.”


Alò, si nou jwenn dekwa manje ak rad pou nou mete, nou satisfè.


Mennen tèt nou byen nan mitan moun ki pa konn Bondye yo. Konsa, menm lè yo ta bay manti di n ap fè sa ki mal, y ap oblije rekonèt bon lavi n ap mennen, y a glorifye Bondye lè li va vini.


Malon ak Kilyon mouri tou. Nawomi te vin rete poukont li, san mari li, san pitit gason l yo tou.


Nawomi te kite plas kote yo t ap viv la, epi de bèlfi li yo te pati avèk li. Yo pran wout ki ta mennen Nawomi tounen nan peyi Jida.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite