Pa menm chemen ke li te antre a, pa li menm, li va retounen e li p ap rive nan vil sila a’, deklare SENYÈ a.
Pwovèb 21:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Kè a wa a se tankou kanal dlo nan men SENYÈ a; Li vire l kote Li vle. 1998 Haïtienne Senyè a dirije lespri yon wa, menm jan li dirije yon kouran dlo nan kannal. Li mennen l kote li vle. |
Pa menm chemen ke li te antre a, pa li menm, li va retounen e li p ap rive nan vil sila a’, deklare SENYÈ a.
Alò, nan premye ane Cyrus, wa a Perse la, pou pawòl SENYÈ a te kab akonpli pa bouch a Jérémie, SENYÈ a te vire lespri a Cyrus, wa Perse la, pou l te voye yon pwoklamasyon toupatou nan wayòm li an, e anplis pou l ta ekri li pou te di:
“Konsa pale Cyrus, wa a Perse la, ‘SENYÈ a, Bondye Syèl la, te ban mwen tout wayòm yo sou latè epi Li te chwazi mwen pou bati yon kay pou Li Jérusalem, ki nan Juda.
Epi yo te obsève Fèt Pen San Ledven an pandan sèt jou avèk jwa, paske SENYÈ a te fè yo rejwi, e te detounen kè a wa a Assyrie a vè yo pou ankouraje yo nan travay lakay Bondye a, Bondye Israël la.
O Senyè, mwen sipliye W, pou zòrèy ou kapab atantif a lapriyè a sèvitè Ou a ak lapriyè a sèvitè Ou yo ki pran plezi nan louwe non Ou. Fè sèvitè Ou a reyisi nan jou sila a, e bay li mizerikòd devan nonm sila a.” Alò, se te mwen ki te pote tas pou wa a.
anplis, yon lèt a Asaph, gadyen nan forè a wa a, pou li kapab ban mwen bwa chapant pou fè travès pou pòtay a fò ki akote tanp lan; epi pou miray lavil la e pou kay nan sila mwen prale a.” Wa a te ban m tout sa akoz bon men Bondye mwen an te sou mwen.
Wa a te renmen Esther plis pase tout fanm yo, e li te twouve gras avèk favè devan li menm plis pase tout lòt vyèj yo, jiskaske li te mete kouwòn wayal la sou tèt li e te fè li rèn nan plas a Vasthi a.
Li te vire kè yo pou yo rayi pèp Li a, pou yo aji ak gwo mechanste avèk sèvitè Li yo.
Anplis, Li te fè yo resevwa mizerikòd Li, menm nan men a tout nasyon ki te fè yo prizonye yo.
Sa k pase ou menm, O lanmè, ke ou te sove ale konsa? O Jourdain an, ke Ou te vire fè bak konsa?
“Mwen va fè kè Farawon vin di, e mwen va miltipliye sign ak mèvè mwen yo nan peyi Égypte la.
Gade byen, Mwen va fè yon bagay tounèf; koulye a, li va pete vin parèt. Èske nou p ap rekonèt li? Menm yon chemen nan dezè a Mwen va fè, ak rivyè yo nan dezè a.
Tout sila ki rete sou latè yo pa konte pou anyen, men Li fè selon volonte Li nan lame syèl la e pami sila ki rete sou latè yo; epi nanpwen moun ki ka evite men Li, ni mande Li: “Kisa Ou fè la a?”
e Li te delivre li nan tout afliksyon li yo. Konsa li te bay li favè avèk sajès devan Pharaon, wa Égypte la, e te fè li vin gouvènè sou Égypte, ak tout lakay li.
Sizyèm zanj lan te vide gode li a sou gran rivyè Euphrate la. Dlo li te vin seche, pou chemen an ta kapab prepare pou wa ki sòti nan lès yo.
Answit, twazyèm zanj lan te vide gode li a nan rivyè ak sous dlo yo, e yo te tounen san.