Estè 2:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen17 Wa a te renmen Esther plis pase tout fanm yo, e li te twouve gras avèk favè devan li menm plis pase tout lòt vyèj yo, jiskaske li te mete kouwòn wayal la sou tèt li e te fè li rèn nan plas a Vasthi a. Gade chapit la1998 Haïtienne17 Wa a tonbe pou Estè plis pase pou tout lòt fanm li te janm konnen. Estè te rive fè wa a plezi plis pase tout lòt jenn fi yo. Wa a renmen l plis pase lòt yo. Li mete kouwòn li a sou tèt Estè, li nonmen l larenn nan plas Vachti a. Gade chapit laNouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil17 Wa a te fè foli pou Estè plis pase tout lòt jenn fi yo. Pami tout jenn fi vyèj yo te mennen lavil Souz, se Estè ki te satisfè wa a pi plis. Wa a te tonbe damou pou li. Estè te fè wa a plezi plis pase tout lòt vyèj yo. Alò, wa Asyeris mete yon kouwòn sou tèt Estè epi li fè l vin rèn nan plas Vasti. Gade chapit la |