Neyemi 2:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen8 anplis, yon lèt a Asaph, gadyen nan forè a wa a, pou li kapab ban mwen bwa chapant pou fè travès pou pòtay a fò ki akote tanp lan; epi pou miray lavil la e pou kay nan sila mwen prale a.” Wa a te ban m tout sa akoz bon men Bondye mwen an te sou mwen. Gade chapit la1998 Haïtienne8 Li ta ban mwen yon lèt tou pou Azaf, chèf reskonsab forè leta yo, pou li ka ban mwen bwa pou gwo pòtay fò k'ap pwoteje Tanp lan, bwa pou ranpa lavil la ak bwa pou kay kote pou m'rete a. Lanperè a ban mwen tou sa mwen te mande li paske Bondye te avèk mwen. Gade chapit la |