Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Sòm 93 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 SENYÈ a renye! Li abiye an majeste! SENYÈ a te abiye Li ak fòs. Anverite, mond lan etabli byen solid. Li pa ebranle menm.

2 Twòn Ou etabli depi tan ansyen an. Ou la depi nan etènite.

3 Flèv yo te leve, O SENYÈ, Flèv yo te leve vwa yo, flèv yo te leve gwo vag frapan yo.

4 Plis pase bri a anpil dlo, pase gwo vag lanmè debòde, SENYÈ anwo a pwisan.

5 Regleman Ou yo kanpe nèt; Sentete byen bèl lakay Ou a O SENYÈ, jis pou tout tan.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite