Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Sòm 114 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Lè Israël te sòti an Égypte, lakay Jacob soti de yon pèp lang etranje,

2 Juda te vin sanktiyè Li a, Israël, wayòm Li.

3 Lanmè a te gade e te sove ale. Jourdain an te vire fè bak.

4 Mòn yo te sote tankou belye, kolin yo tankou ti mouton.

5 Sa k pase ou menm, O lanmè, ke ou te sove ale konsa? O Jourdain an, ke Ou te vire fè bak konsa?

6 O mòn yo, ke ou sote tankou belye konsa? O kolin yo, tankou ti mouton konsa?

7 Pran tranble, O latè, devan SENYÈ a, Devan Bondye a Jacob la,

8 Ki te fè wòch la devni yon ma dlo, wòch silèks la yon sous k ap koule.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite