Alò Moïse te lonje men l sou lanmè a; epi SENYÈ a te bale lanmè a pa yon van lès byen fò tout lannwit. Li te fè lanmè a vin tounen tè sèch, e dlo a te vin fann.
Avèk gwo souf ki sòti nan nen ou kouran dlo yo vin kanpe fè gwo pil. Dlo k ap koule a te vin kanpe tankou yon miray. Fon yo te vin koule nan kè lanmè a.