ki deklare lafen depi nan kòmansman e depi tan lansyen yo, bagay ki pa t janm fèt yo. Mwen ki di w: “Volonte m va etabli e Mwen va akonpli tout bon plezi M.”
“Vè lè sa a demen Mwen va voye yon mesye ki sòti nan peyi Benjamin yo kote ou menm. Konsa, ou va onksyone li kòm chèf sou pèp Mwen an, Israël, e li va delivre pèp Mwen an anba men a Filisten yo. Paske Mwen te gade sou pèp mwen an, akoz kri pa yo gen tan rive kote Mwen.”
Alò, destriksyon Achazia te sòti nan Bondye akoz li te ale kote Joram. Paske lè l te desann, li te sòti avèk Joram kont Jéhu, fis a Nimschi a, ke SENYÈ a te chwazi pou detwi lakay Achab.