Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 20:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 Pa a yon nonm regle pa SENYÈ a; konsa, kijan yon nonm kab vin konprann chemen li?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

24 Se Senyè a ki louvri chemen devan nou. Ki jan lèzòm ka rive konprann lavi?

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 20:24
10 Referans Kwoze  

Kilès nonm nan ki gen krent SENYÈ a? Li va enstwi li nan chemen li ta dwe chwazi a.


Fè m konnen pa Ou yo, O SENYÈ; enstwi m nan chemen Ou yo.


Pa a yon nonm etabli pa SENYÈ a. Konsa, Li pran plezi nan chemen li.


Sajès a moun rezonab la se pou l konprann chemen li; men betiz a moun ensanse a se desepsyon.


Plan kè a sòti nan lòm; men repons a lang lan sòti nan SENYÈ a.


Panse a lòm fè plan pou wout li; men SENYÈ a dirije pa li yo.


Mwen konnen, O SENYÈ, ke chemen a yon nonm pa nan li menm, ni se pa posib pou moun ki mache a dirije pwòp pa pye li.


men ou te egzalte tèt ou kont Senyè syèl la. Konsa, yo te mennen veso lakay Li yo devan ou e ou menm ak prens ou yo, madanm ou yo, ak ti mennaj ou yo t ap bwè diven nan yo. Ou te bay lwanj a dye a ajan, lò, bwonz, fè, bwa, ak wòch yo, ki pa wè, tande, ni konprann. Men Bondye, nan men a Sila souf lavi ou ye a, pou Sila tout chemen ou yo ye a, ou pa t bay Li glwa.


“‘Paske nan Li nou viv, nou fè mouvman, e nou egziste menm, jan kèk nan powèt nou yo konn di: paske nou menm tou se pitit Li.’


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite