Li te vin rive nan menm jou a, ke sèvitè Isaac yo te antre e te avèti li de yon pwi ke yo te fouye. Yo te di li: “Nou gen tan twouve dlo.”
Pwovèb 13:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Nanm a parese a anvi, e li pa jwenn; men nanm a moun dilijan an vin gra. 1998 Haïtienne Parese p'ap janm jwenn sa yo ta renmen genyen. Men, moun k'ap travay di ap jwenn tou sa yo ta renmen genyen. |
Li te vin rive nan menm jou a, ke sèvitè Isaac yo te antre e te avèti li de yon pwi ke yo te fouye. Yo te di li: “Nou gen tan twouve dlo.”
Sila ki raboure tè li a va gen anpil pen; men sila ki swiv bagay san valè yo manke bon konprann.
Yon nonm parese pa menm boukannen bèt lachas li, men pi presye nan sa yon nonm posede se dilijans.
Sila ki kontwole bouch li, konsève lavi li; sila ki ouvri lèv li byen laj va detwi nèt.
Parese a pa laboure tè nan sezon otòn; akoz sa li mande charite pandan rekòlt la, e li p ap gen anyen.
Plan a dilijan an mennen byen si, vè avantaj; men tout moun ki aji san reflechi va, san dout, vin pòv.
Epi gade byen, li te plen ak raje pikan, e kouvri ak move zèb, Miray an wòch la te fin kraze nèt.
Yon nonm awogan ap pwovoke konfli; men sila ki mete konfyans nan SENYÈ a va pwospere.
Beni se moun ki koute mwen an, k ap veye chak jou nan pòtay mwen yo, k ap veye kote poto pòt kay mwen an.
Mwen te fin retire rad mwen; kijan pou m ta remete l ankò a? Mwen te lave pye mwen; kijan pou m ta fè vin sal yo ankò a?
Epi SENYÈ a va gide ou tout tan, satisfè dezi ou yo kote ki sèch yo, e bay fòs a zo ou yo. Konsa, ou va kon yon jaden byen awoze e tankou yon sous dlo ki p ap janm seche.
Kilès ki kab konte pousyè a Jacob, oswa konte menm yon ka an Israël? Kite mwen mouri lanmò a jis yo, pou lafen pa mwen an tankou pa li.”
“Pa travay pou manje k ap peri, men pou manje k ap dire jiska lavi etènèl, ke Fis a Lòm nan va bay nou. Pwiske sou Li, Papa a, Bondye menm, gen tan mete so Li.”
Nou dezire ke nou chak montre menm dilijans lan pou nou kapab gen yon espwa ranpli nan asirans konplè jiska lafen,
Yo te retounen a Josué e te di li: “Pa kite tout pèp la monte; sèlman de oswa twa mil mesye bezwen monte Aï. Pa fè tout pèp la fòse fè efò a, paske yo pa anpil.”