6 Ale kote foumi, o parese. Veye abitid li yo e vin saj!
6 Ou menm parese, al pran leson nan men fwomi yo. Ale wè jan y'ap viv pou ou manyè konprann lavi.
Anverite, se initil pou ouvri yon filè ak pen gaye devan nenpòt kalite zwazo;
Tankou vinèg anba dan ak lafimen nan zye; se konsa parese a ye pou sila ki voye li yo.
Malere se sila ki travay ak men lach; men lamen moun dilijan an, anrichi.
Nanm a parese a anvi, e li pa jwenn; men nanm a moun dilijan an vin gra.
Wout a parese a se tankou yon ran pikan; men pa a moun dwat la se yon gran chemen.
Anplis, sila ki parese nan travay li a se frè a sila ki detwi.
Parès va voye yon pwofon somèy sou moun, e yon nonm ki pa travay, va soufri grangou.
Parese a fouye men l nan plato a; men li refize rale l rive nan bouch li.
Parese a pa laboure tè nan sezon otòn; akoz sa li mande charite pandan rekòlt la, e li p ap gen anyen.
Se volonte a parese a ki fè l mouri, paske men li refize travay;
Parese a di: “Gen yon lyon deyò a; m ap mouri nan lari!”
Koute, fis mwen an, vin saj pou dirije kè ou nan chemen an.
“Kat bagay ki tou piti sou latè, men yo plen sajès:
Foumi se pa yon pèp ki fò; men yo prepare manje yo nan gran sezon.
Pou konbyen de tan ou va kouche konsa O parese? Se kilè ou va leve soti nan dòmi?
Yon bèf konnen mèt li e yon bourik manjwa a mèt li, men Israël pa konsa. Pèp Mwen an pa reflechi.”
Menm zwazo sigòy anlè a konnen sezon li. Toutrèl ak iwondèl ak valèt kontwole lè antre sòti pa yo; men pèp Mwen an pa konnen règleman SENYÈ a.
“Men mèt li te reponn li e te di: ‘Esklav malveyan e parese! Ou te konnen ke mwen rekòlte kote mwen pa plante, e ranmase kote mwen pa simen.
Gade zwazo ki anlè yo; yo pa simen, ni rekòlte, ni ranmase pou mete nan depo. Malgre sa, Papa yo bay yo manje. Èske nou pa vo bokou plis ke yo?
Pa fè bak nan dilijans, rete zele nan lespri nou, ak nan sèvis Senyè a,
pou nou pa vin mou, men rete imitatè a sila ki, atravè lafwa ak tenasite, te vin eritye pwomès yo.