25 Se volonte a parese a ki fè l mouri, paske men li refize travay;
25 Parese pa anvi leve ni lou ni lejè. Se sa k'ap touye l la tou.
Men a dilijan yo va kòmande; men parese a va fè kòve.
Yon nonm parese pa menm boukannen bèt lachas li, men pi presye nan sa yon nonm posede se dilijans.
Nanm a parese a anvi, e li pa jwenn; men nanm a moun dilijan an vin gra.
Wout a parese a se tankou yon ran pikan; men pa a moun dwat la se yon gran chemen.
Parese a fouye men l nan plato a; men li refize rale l rive nan bouch li.
Parese a pa laboure tè nan sezon otòn; akoz sa li mande charite pandan rekòlt la, e li p ap gen anyen.
Parese a di: “Gen yon lyon deyò a; m ap mouri nan lari!”
Parese a di: “Gen yon lyon nan lari a! Yon lyon nan plas la!”
Parese a pi saj nan pwòp zye li pase sèt moun ki kab reponn ak bon konprann.
“Men mèt li te reponn li e te di: ‘Esklav malveyan e parese! Ou te konnen ke mwen rekòlte kote mwen pa plante, e ranmase kote mwen pa simen.
Yo te retounen a Josué e te di li: “Pa kite tout pèp la monte; sèlman de oswa twa mil mesye bezwen monte Aï. Pa fè tout pèp la fòse fè efò a, paske yo pa anpil.”