Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Pwovèb 12:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Sila ki raboure tè li a va gen anpil pen; men sila ki swiv bagay san valè yo manke bon konprann.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Moun ki travay jaden ap jwenn manje pou yo manje plen vant yo. Men, moun k'ap pèdi tan yo nan fè bagay san valè, se san konprann yo ye.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 12:11
23 Referans Kwoze  

Sila ki laboure tè a va gen anpil manje; men sila ki swiv vanite va jwenn anpil mizè.


Nan tout travay gen pwofi; men pale anpil mennen nan povrete.


Lè ou manje nan fwi a men ou yo, ou va kontan e sa va ale byen pou ou.


Sila ki vòlè a pa dwe vòlè ankò, men pito, fòk li travay, pou fè avèk pwòp men li sa ki bon, pou li kapab gen yon bagay pou pataje avèk sila ki gen bezwen yo.


Ni nou pa t manje pen a lòt moun san peye pou li, men avèk travay ak difikilte, nou te kontinye travay lajounen kou lannwit pou nou te kab pa vini yon chaj lou pou okenn nan nou.


Kite foli ou pou ou ka viv; epi avanse nan chemen bon konprann nan.”


Kote nanpwen bèf, manjwa a pwòp; men se fòs a bèf la ki fè richès.


Konsa, mwen te wè pami moun sòt yo, e te rekonèt pami jenn yo, yon jennonm ki te manke bon sans;


Sila ki mache ak moun saj va vin saj; men bon zanmi a moun ensanse a va soufri.


Avèk swè figi ou, ou va manje pen, jiskaske ou retounen nan tè a, paske ladann ou te sòti. Paske se pousyè ou ye, e se nan pousyè ou va retounen.”


Sila ki fè adiltè ak yon fanm manke sajès; nonm nan ki fè sa a, detwi pwòp nanm li.


Sila ki pa konnen anyen an, kite li antre isit la. Pou sila ki manke konprann nan, li di:


Fanm sòt pale byen fò ak gwo vwa; li bèt, e li pa konnen anyen.


Mwen pa chita avèk mesye k ap twonpe moun yo. Ni mwen pa pale avèk sila k ap pran poz yo.


Yo te ba li swasann-dis pyès ajan soti lakay Baal-Berith, avèk sila Abimélec te anplwaye kalite mesye sanzave yo san kontwòl e yo te swiv li.


Sila ki konsidere zidòl san valè yo abandone tout sous mizerikòd,


Lèt kabrit ap kont pou manje ou, pou manje tout lakay ou, ak soutyen pou tout sèvant lakay ou yo.


Gen anpil manje nan tè malere a; men li fin bale nèt akoz enjistis.


Pa renmen dòmi, sinon ou va vin malere; ouvri zye ou e ou va satisfè ak manje.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite