Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jozye 7:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Yo te retounen a Josué e te di li: “Pa kite tout pèp la monte; sèlman de oswa twa mil mesye bezwen monte Aï. Pa fè tout pèp la fòse fè efò a, paske yo pa anpil.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Lè yo tounen vin jwenn Jozye, yo di li: — Nou pa bezwen deplase tout moun. N'a voye de twa mil moun konsa pou atake lavil Ayi a. Ou pa bezwen voye tout moun al goumen, paske pa gen anpil moun la.

Gade chapit la Kopi




Jozye 7:3
9 Referans Kwoze  

Nanm a parese a anvi, e li pa jwenn; men nanm a moun dilijan an vin gra.


Se volonte a parese a ki fè l mouri, paske men li refize travay;


“Fè efò pou antre pa pòt etwat la; paske anpil, Mwen di nou, va eseye antre, e yo p ap kapab.


Konsa, annou fè dilijans pou antre nan repo sila a, pou okenn moun pa tonbe, nan swiv menm egzanp dezobeyisans lan.


Alò, Josué te voye mesye sòti Jéricho yo vè Aï, ki toupre Beth-Aven an, nan lès a Bethel la. Li te di yo: “Ale monte e fè espyonaj peyi a.” Konsa, mesye yo te monte pou te fè espyonaj Aï.


Konsa, anviwon twa mil mesye ki sòti nan pèp la te monte; men yo te sove ale devan mesye Aï yo.


Konsa, frè m yo, se pou nou vin pi dilijan pou fè sèten de chwa ak apèl Li de nou menm nan. Paske otan ke n ap pratike bagay sa yo, nou p ap janm glise tonbe.


Alò, pou rezon sa a tou, avèk tout dilijans nan lafwa nou, mete ekselans moral, e nan ekselans moral nou, mete konesans.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite