4 Malere se sila ki travay ak men lach; men lamen moun dilijan an, anrichi.
4 Parese fè ou pòv, men travay di fè ou rich.
Plan a dilijan an mennen byen si, vè avantaj; men tout moun ki aji san reflechi va, san dout, vin pòv.
Parese a pa laboure tè nan sezon otòn; akoz sa li mande charite pandan rekòlt la, e li p ap gen anyen.
Parès va voye yon pwofon somèy sou moun, e yon nonm ki pa travay, va soufri grangou.
Nanm a parese a anvi, e li pa jwenn; men nanm a moun dilijan an vin gra.
Pou sa, byeneme frè m yo, rete fidèl, san varye, toujou ranpli avèk bon zèv Senyè a, avèk konesans ke travay nou nan Senyè a pa anven.
Pa renmen dòmi, sinon ou va vin malere; ouvri zye ou e ou va satisfè ak manje.
Parese a fouye men l nan plato a; men li refize rale l rive nan bouch li.
Men a dilijan yo va kòmande; men parese a va fè kòve.
Gen yon moun ki separe bay; malgre sa li vin ogmante plis. Genyen ki refize bay sa ke li dwe, e sa fè l vin manke.
“Pa travay pou manje k ap peri, men pou manje k ap dire jiska lavi etènèl, ke Fis a Lòm nan va bay nou. Pwiske sou Li, Papa a, Bondye menm, gen tan mete so Li.”
Akoz parès ak neglijans, twati a vin pann, e nan enpridans kay la vin koule.
Sila ki fè rekòlt nan gran sezon an a, se yon fis ki aji ak sajès; men sila ki dòmi nan lè rekòlt la, fè gwo wont.
Yon nonm parese pa menm boukannen bèt lachas li, men pi presye nan sa yon nonm posede se dilijans.
Anplis, sila ki parese nan travay li a se frè a sila ki detwi.
Li te vin rive nan menm jou a, ke sèvitè Isaac yo te antre e te avèti li de yon pwi ke yo te fouye. Yo te di li: “Nou gen tan twouve dlo.”