Li te vale richès, men vomi fè yo retounen vin parèt. Bondye va fè yo sòti nan vant li.
Pwovèb 13:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Richès ki sòti nan manti koule ale; men sila ki rasanble ak men li, fè l grandi. 1998 Haïtienne Lajan ou fè fasil pa lwen fini. Lajan ou fè nan di ap toujou fè pitit. |
Li te vale richès, men vomi fè yo retounen vin parèt. Bondye va fè yo sòti nan vant li.
Ranmase anpil byen ak lang k ap bay manti se yon vapè k ap sove ale, k ap kouri dèyè lanmò.
Yon nonm fidèl va gen anpil benediksyon; men sila ki fè vit pou jwenn richès, p ap chape anba pinisyon.
Sila ki agrandi richès li avèk enterè sou lajan, ranmase li pou sila k ap fè gras a malere a.
Lè richès sa yo te pèdi akoz yon move envestiman, e li vin papa a yon fis; alò, nanpwen anyen pou ba li.
Kon yon pentad ki kale ze ki pa t pou li, se konsa sila ki ranmase richès san dwa. Nan mitan jou li yo, yo va kite li, e lè vi l fini, li va yon moun bèt.