Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 20:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Yon eritaj ranmase vit nan kòmansman a, p ap beni nan lafen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Richès ou ranmase fasil fasil p'ap janm vin yon benediksyon pou ou.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 20:21
13 Referans Kwoze  

Yon bon moun va lese eritaj pou pitit pitit li; men richès a pechè yo konsève pou moun dwat yo.


Sila ki modi papa li oswa manman li an, lanp li va etenn nan tan fènwa.


Pa di: “M ap rekonpanse mechanste”; tann SENYÈ a, e Li va sove ou.


Ranmase anpil byen ak lang k ap bay manti se yon vapè k ap sove ale, k ap kouri dèyè lanmò.


Pa fatige kò ou pou jwenn richès; sispann reflechi sou sa.


Yon nonm fidèl va gen anpil benediksyon; men sila ki fè vit pou jwenn richès, p ap chape anba pinisyon.


Yon nonm ak move zye kouri dèyè richès e li pa konnen kisa k ap rive li.


Sila ki agrandi richès li avèk enterè sou lajan, ranmase li pou sila k ap fè gras a malere a.


“Èske tout moun sa yo p ap Leve yon chan mokè kont li, yon tire pwen kont li pou di: “Malè a sila ki ogmante sa ki pa pou li— pou jiskilè l ap fè tèt li rich ak chantay li yo?”


Mwen va fè li vin parèt”, deklare SENYÈ dèzame yo: “Epi li va antre lakay a vòlè a ak lakay a sila ki fè fo sèman nan non Mwen an. Konsa, li va rete nèt nan mitan kay li a, e li va detwi l nèt ansanm ak bwa travès ak tout wòch yo.”


Si nou pa koute e si nou pa pran sa a kè pou bay lonè a non Mwen”, pale SENYÈ dèzame yo, “alò, Mwen va voye malediksyon sou nou, e Mwen va fè benediksyon nou yo vin tounen malediksyon. Anverite, Mwen fin modi yo deja, akoz nou pa pran sa a kè.


Men sila ki vle vin rich yo, tonbe nan tantasyon, yon pèlen plen foli ak move dezi ki konn plonje moun nan destriksyon ak pèdisyon.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite