Epi pandan yo t ap joure Li, Li pa t joure anretou. Pandan Li t ap soufri, Li pa t fè menas, men te kontinye mete konfyans Li nan Sila ki jije avèk ladwati a.
Pa remèt mal pou mal, ni jouman pou jouman, men de preferans, beni moun nan. Paske nou te resevwa apèl la pou bi sa a, pou nou ta kapab eritye yon benediksyon.
David te di a mesye pa li yo: “Nou chak mete nepe nou nan senti nou.” Konsa, tout moun te mete nepe yo nan senti yo. David osi te mete nepe li nan senti li e anviwon kat-sant òm te monte dèyè David pandan de-san te rete avèk pwovizyon yo.