Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 13:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Ògèy pa pote anyen sof ke konfli; men sajès rete ak sila ki resevwa konsèy yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Moun awogan yo toujou ap pouse dife. Men, moun ki koute konsèy, se moun ki gen bon konprann.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 13:10
23 Referans Kwoze  

Lè tout Israël te wè ke wa a pa t koute yo, pèp la te reponn wa a e te di: “Ki pati nou gen nan David? Nanpwen eritaj nan fis Jesse a; Rive nan tant ou yo O Israël! Soti koulye a! Konsa, David, okipe pwòp lakay ou!” Konsa Israël te pati rive nan tant pa yo.


Anverite, ou te bat Édom e kè ou vin plen ògèy. Rete lakay ou pou fè kè kontan. Pou ki rezon ou ta pwovoke twoub la jiskaske ou menm, ou ta tonbe, e Juda ansanm avèk ou?”


Richès ki sòti nan manti koule ale; men sila ki rasanble ak men li, fè l grandi.


Limyè a moun dwat la se rejwisans; men lanp a mechan an va etenn.


Kòmansman a konfli se tankou pete gwo baryè dlo; konsa, kite kont la avan l kòmanse.


Koute konsèy e aksepte disiplin pou ou kab vin saj pou tout rès vi ou.


Fè tout plan ak konsiltasyon; fè lagè ak konsèy saj.


Ògèy, Monte Tèt Wo, Mokè; men tit a sila ki aji nan ògèy ak ensolans yo.


Pa fè vit lantre nan tribinal pou diskite ka ou; anfen, sa ou va fè lè vwazen ou fè ou desann nèt.


Yon nonm awogan ap pwovoke konfli; men sila ki mete konfyans nan SENYÈ a va pwospere.


Te leve osi yon diskisyon pami yo sou kilès nan yo ki te konsidere kòm pi gran.


li se yon moun ògeye e pa konprann anyen, men li gen yon obsesyon pou poze kesyon diskisyon e fè kont pou mo ki sòti nan lanvi, konfli, jouman, ak sispèk moun mal,


Kisa ki sous kont ak konfli pami nou yo? Èske se pa plezi nou yo k ap fè lagè nan manm kò nou yo?


Tout sa ki te wè l te di: “Anyen parèy a sa pa t janm fèt, ni pa t konn wè depi jou ke fis Israël yo te monte sòti an peyi Égypte la jis jodi a. Reflechi sou sa, pran konsèy e pale klè.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite