Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 21:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Ranmase anpil byen ak lang k ap bay manti se yon vapè k ap sove ale, k ap kouri dèyè lanmò.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Moun k'ap mache bay manti pou fè lajan ap kouri dèyè van. Se lanmò y'ap chache.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 21:6
12 Referans Kwoze  

Richès ranmase pa mechanste pa reyisi, men ladwati delivre soti nan lanmò.


Richès ki sòti nan manti koule ale; men sila ki rasanble ak men li, fè l grandi.


“Pa bon, pa bon”, di sila k ap achte a; men lè l fè wout li, li pale kè l kontan.


Yon eritaj ranmase vit nan kòmansman a, p ap beni nan lafen.


Sila ki simen inikite a va rekòlte vanite; e baton kòlè li a va detwi.


Fè desepsyon ak manti rete lwen mwen. Pa ban m richès ni povrete. Nouri mwen ak manje ki se pòsyon pa m nan,


Men sila ki peche kont mwen an, fè pwòp tèt li mal; tout sila ki rayi mwen yo, renmen lanmò.”


Kon yon pentad ki kale ze ki pa t pou li, se konsa sila ki ranmase richès san dwa. Nan mitan jou li yo, yo va kite li, e lè vi l fini, li va yon moun bèt.


Jete lwen nou tout transgresyon ke nou konn komèt yo, epi fè pou tèt nou yon kè tounèf avèk yon lespri tounèf! Paske poukisa ou ta mouri, O lakay Israël?


ki dwe rete an silans paske y ap boulvèse tout kay yo nèt, nan enstwi bagay ke yo pa ta dwe enstwi, pou koz a kòb ki sal.


Epi nan vorasite yo, yo va eksplwate nou avèk fo pawòl, men jijman a yo menm ki te prepare depi nan tan lontan an p ap mize, e destriksyon yo p ap dòmi.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite