Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 28:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Sila ki agrandi richès li avèk enterè sou lajan, ranmase li pou sila k ap fè gras a malere a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Moun ki vin rich nan prete moun lajan, nan bay kout ponya, se anpile y'ap anpile lajan pou moun ki konn pran ka malere.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 28:8
13 Referans Kwoze  

Fòk li bay rekonpans pou ti mouton an kat fwa; paske li te fè bagay sa a san pitye.”


Li va gen mizerikòd sou malere a avèk endijan an. Konsa, lavi a pòv yo, li va sove.


Si ou prete lajan a pèp Mwen an, a malere yo pami nou yo, ou pa pou aji kòm kreditè anvè li. Ou pa pou mande frè enterè.


Yon bon moun va lese eritaj pou pitit pitit li; men richès a pechè yo konsève pou moun dwat yo.


Sila ki meprize vwazen li fè peche; men sila ki fè gras a malere a, beni.


Sila ki oprime malere a ap vekse Kreyatè li; men sila ki gen bonte anvè pòv la, onore L.


Tout frè a malere yo a rayi li; konbyen, anplis, pou zanmi l kouri kite l. L ale jwenn yo ak pawòl plede, men yo fin ale.


Paske a yon nonm ki bon nan zye Bondye, Li te bay sajès, konesans ak lajwa; men a pechè a, Li te bay tach ranmase ak rasanble pou li kab bay a sila ki bon nan zye Bondye a. Sa anplis se vanite ak kouri dèyè van.


te prete lajan sou enterè pou l pran benefis sou malere; èske l ap viv? Li p ap viv! Li te komèt tout abominasyon sila yo; anverite, li va mouri. San li va tonbe sou pwòp tèt li.


Li retire men li sou malere a, li pa egzije enterè, ni pwofi, men li fè règleman Mwen yo e mache nan lòd mwen yo; li p ap mouri pou inikite a papa li. Anverite, li va viv.


si li pa prete moun lajan ak enterè, ni pran plis, si li gade men l pou l pa fè inikite, e egzekite yon vrè jistis antre moun ak moun,


Pa pran enterè ni avantaj sou li, men onore Bondye ou a pou li kapab viv avèk ou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite