Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Pwovèb 10:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

SENYÈ a p ap kite moun ladwati yo grangou, men l ap rejte lanvi mechan an.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Senyè a p'ap kite moun ki mache dwat soufri grangou. Men, l'ap anpeche mechan an jwenn sa li anvi a.

Gade chapit la



Pwovèb 10:3
23 Referans Kwoze  

Li mache egare pou chache manje epi di: ‘Kote li ye?’ Konsa, li konnen ke jou tenèb la gen tan rive.


Riches lakay li va pati, posesyon li yo va ale nan jou kòlè Li a.


Nan gwo grangou Li va delivre ou devan lanmò, e nan lagè, devan pouvwa nepe a.


Ou te wè sa, paske Ou te wè kont mechanste ak agase moun pou pran sa an men. Malere a ap depann de Ou menm; Se Ou ki konn ede òfelen an.


Mechan an va wè l e l ap vekse nèt. Li va manje dan l e vin fonn pou l disparèt. Dezi a mechan an va peri.


pou delivre nanm pa yo devan lanmò, e kenbe yo vivan nan gwo grangou.


Yo p ap wont nan move tan. Nan jou gwo grangou yo, y ap jwenn kont.


Mwen te jèn e koulye a, mwen fin granmoun, men mwen poko wè moun dwat ki abandone, ni desandan li yo k ap mande pen.


Mete konfyans ou nan SENYÈ a, e fè sa ki bon. Demere nan peyi a e kiltive nan bon tè.


Moun dwat la gen kont pou satisfè dezi li; men vant mechan an toujou gen bezwen.


Mechan an jete anba pa malfezans li; men moun ladwati a gen sekou lè l mouri.


Yon nonm awogan ap pwovoke konfli; men sila ki mete konfyans nan SENYÈ a va pwospere.


Sila ki vire zòrèy li pou pa koute lalwa a, menm lapriyè li abominab.


Li va demere nan wotè yo; pwotèj pa li va nan wòch solid ke lènmi yo pa ka pwoche. Pen li va vèse bay li, e dlo li va asire.


Ni ajan yo, ni lò yo p ap kapab delivre yo nan jou jijman an, men tout latè va vin devore nèt pa dife jalouzi Li. Paske Li va mete yon fen, yon fen ki tèrib, a tout moun ki rete sou tè a.


Men chache wayòm Li, e bagay sa yo va vini a nou tou.