Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 37:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Mete konfyans ou nan SENYÈ a, e fè sa ki bon. Demere nan peyi a e kiltive nan bon tè.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Mete konfyans ou nan Senyè a, fè sa ki byen! Pran peyi a fè kay ou, viv ak kè poze!

Gade chapit la Kopi




Sòm 37:3
20 Referans Kwoze  

Senyè a te parèt a li menm e te di: “Pa desann an Égypte. Rete nan peyi ke Mwen va montre ou a.


Rete pou yon tan nan peyi sa a, Mwen va avèk ou, e Mwen va beni ou, paske a ou menm ak desandan ou yo, Mwen va bay tout peyi sa yo, e Mwen va etabli sèman ke Mwen te sèmante a papa ou a, Abraham.


Li te gade, e vwala, te gen bò tèt li yon gato pen wòch cho, ak yon veso dlo. Konsa, li te manje, bwè e te kouche ankò.


Fè m jistis, O SENYÈ, paske mwen te mache nan entegrite mwen. Mwen te mete konfyans mwen nan SENYÈ a san varye.


pou delivre nanm pa yo devan lanmò, e kenbe yo vivan nan gwo grangou.


Ofri sakrifis ladwati yo. Mete konfyans nan SENYÈ a.


Mete konfyans nan Li tout tan, O pèp la. Vide kè nou devan Li. Bondye se yon refij pou nou.


Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou; pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.


Tankou yon bèje, Li va pran swen bann mouton Li. Nan bra Li, Li va ranmase jenn mouton yo, e pote yo sou lestonmak Li. Ak dousè, Li va mennen manma a ak ti mouton piti yo.


Se kilès pami nou ki krent SENYÈ a, ki obeyi vwa a sèvitè Li a, ki mache nan fènwa a e ki pa gen limyè a? Kite li mete konfyans nan non SENYÈ a e depann de Bondye li a.


Li te di yo: “Lè Mwen te voye nou deyò san bous, ni sak, ni sapat la, nou pa t manke anyen; se pa sa?” E yo te di: “Non, anyen”.


nan renmen SENYÈ a, Bondye nou an ak nan obeyisans a vwa Li ak nan kenbe fèm a Li. Paske sa se lavi nou ak pwolongasyon a jou nou yo, pou nou kapab viv nan peyi ke SENYÈ a te sèmante a zansèt nou yo; a Abraham, Isaac e a Jacob, pou bay yo a.”


Alò, pou sa, souple kite mèt mwen, wa a, koute pawòl a sèvitè li yo. Si SENYÈ a te boulvèse ou kont mwen, kite Li aksepte yon ofrann. Men si se lèzòm, modi yo ye devan SENYÈ a. Paske yo te chase mwen sòti jodi a pou fè m pa atache ankò a eritaj SENYÈ a. Yo di: ‘Ale sèvi lòt dye yo.’


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite