Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 13:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

25 Moun dwat la gen kont pou satisfè dezi li; men vant mechan an toujou gen bezwen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

25 Moun k'ap mache dwat toujou gen ase pou yo manje. Men, vant mechan yo pa janm plen.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 13:25
17 Referans Kwoze  

ki satisfè ane ou yo avèk bon bagay, Pou jenès ou vin renouvle tankou èg la.


Mwen va beni pwovizyon li ak abondans. Mwen va satisfè malere li yo ak pen.


Jenn ti lyon yo konn manke manje e soufri grangou, men sila ki chache SENYÈ yo, p ap manke okenn bon bagay.


Pi bon se ti kras a moun dwat yo, pase abondans anpil a mechan yo.


Mete konfyans ou nan SENYÈ a, e fè sa ki bon. Demere nan peyi a e kiltive nan bon tè.


SENYÈ a p ap kite moun ladwati yo grangou, men l ap rejte lanvi mechan an.


Mizè ak wont se pou sila ki manke disiplin nan; men sila ki konsidere repwòch la va onore.


Konsa mizè ou va vin parèt sou ou tankou yon vòlè; ak bezwen tankou yon bandi kon zam.


mizè ou va vin parèt sou ou tankou yon vagabon, e nesesite ou tankou yon nonm k ap pote zam.


Alò, lè l te fin depanse tout, yon gwo grangou te parèt nan peyi sila a, e li te kòmanse vin nan bezwen.


Pou sa, nou va sèvi lènmi nou yo ke SENYÈ a va voye kont nou, nan grangou, nan swaf, nan toutouni ak nan manke tout bagay. Konsa, Li va mete yon jouk fèt an fè sou kou nou jiskaske Li fin detwi nou.


Mwen va epwize yo ak gwo grangou, e manje yo ak chalè ki brile, e avèk destriksyon anmè. Mwen va voye pami yo bèt voras, avèk pwazon a bèt ki trennen sou vant.


Paske menm lè nou te avèk nou an, nou te konn bannou lòd sa a: si yon moun pa vle travay, alò, li pa dwe manje nonplis.


Paske disiplin pou kò a sèlman, pa gen gran avantaj men vi sentete a gen avantaj nan tout jan, paske li kenbe pwomès pou lavi koulye a, e osi pou lavi k ap vini an.


Fè si ke karaktè nou lib de lanmou lajan, e nou rete kontan avèk sa ke nou genyen, paske Li menm te di: “Mwen p ap janm kite nou, ni abandone nou,”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite