Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 112:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Mechan an va wè l e l ap vekse nèt. Li va manje dan l e vin fonn pou l disparèt. Dezi a mechan an va peri.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Lè mechan wè sa, li move. Li manje dan l, kè l grenn. Tou sa mechan an t'ap tann lan pa rive.

Gade chapit la Kopi




Sòm 112:10
15 Referans Kwoze  

Lè Sanballat, Owonit lan avèk Tobija, chèf Amonit lan te tande koze sila a, sa te fè yo pa kontan anpil, pou yon moun ta vin chache fè byen pou fis a Israël yo.


l ap peri nèt tankou fatra. Sila ki te konn wè li yo va di: ‘Kibò li ye?’


Se konsa chemen a tout moun ki bliye Bondye yo. Konsa espwa a moun enkwayan yo peri,


Mechan an fè konplo kont sila ki dwat yo. Li manje dan l sou li.


Montre m yon sign bonte Ou, pou sila ki rayi mwen yo kapab wè l e vin wont. Paske Ou menm, O SENYÈ, te fè m sekou, e te konsole mwen.


Lespwa a moun dwat la se kè kontan; men entansyon mechan an va peri.


Lè yon nonm mechan mouri, sa li anvizaje a mouri avè l.


“Konsa, wa a te di a sèvitè yo: Mare men li avèk pye li, e jete li deyò nan fon tenèb. Nan plas sa a, va genyen gwo kriye avèk manje dan.


men fis yo a wayòm lan ap jete deyò nan fon tenèb. E nan plas sa a, yo va rele anmwey e yo va manje dan yo.”


Va gen kriye fò, ak manje dannan plas sa a lè nou wè Abraham, Isaac avèk Jacob ak tout pwofèt yo nan wayòm syèl la, men nou menm, k ap jete deyò.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite